Ezayi 3 - 1998 Haitian Creole

Dezòd nan lavil Jerizalèm

1Wi. Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a,

14Men Senyè a Sòm 14.4; Am 3.10 rele chèf fanmi yo ak lòt chèf yo nan tribinal. Men sa li di yo: - Se nou menm ki fin piye pèp mwen an. Nou vòlò pòv malere yo pou nou plen kay nou.

15Ki Sòm 94.5; Mi 3.3 moun ki ban nou dwa kraze pèp mwen an konsa? Ki moun ki ban nou dwa pilonnen diyite pi piti yo? Se mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a k'ap mande nou rann mwen kont.

Avètisman pou medam Jerizalèm yo

16Senyè a di: Gade jan medam lavil Jerizalèm yo ye non! Y'ap mache tankou yo pa kanmarad pèsonn. Yo kage tèt yo dèyè, y'ap fè mesye yo je dou. Y'ap mache banda pou brasle nan pye yo ka sonnen.

17Men, mwen menm Bondye, m'ap pini yo. M'ap kale tèt yo. M'ap dezabiye yo lage yo toutouni.

18Jou sa a, Bondye va wete tout bijou yo gen sou yo: brasle yo mete nan pye yo, bando yo mare nan tèt yo, meday yo mare sou fwon yo,

19zanno, brasle yo mete nan bra yo, ak vwal yo mete sou tèt yo,

20mouchwa yo mare tèt yo, ti chenn yo mete nan pye yo, bèl senti yo, poban odè yo, bwòch yo,

21bag Jen 24.47 yo, zanno pou nen yo,

22bèl rad swa yo, foula yo, chal yo, bous yo,

23glas yo, rad twal fen yo, madras yo ak vwal dantèl yo mete sou tèt yo.

24Yo Estè 2.12; Eza 22.12 p'ap gen lodè pafen sou yo ankò. Y'ap santi fò. Yo p'ap sèvi ak bèl senti ankò. Y'a mare ren yo ak vye frany kòd. Yo p'ap gen cheve pou fè bèl kwafi, tèt yo ap kale blanch. Yo p'ap gen bèl rad pou mete sou yo, y'a vlope kò yo nan twal sak. Nan plas bote, y'a gen vye mak lèdè nan tout figi yo.

25Tout mesye yo pral mouri nan lagè. Tout sòlda yo pral mouri nan batay.

26Moun Jer 14.2; Lam 1.4; 2.10 pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita tris atè akoz li pèdi tou sa li genyen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help