1Kèk tan apre sa, moun Mowab ak yo vin atake Jozafa.
2Yo vin bay Jozafa nouvèl la, yo di l konsa:
— Men yon gwo lame sòti nan peyi Edon lòt bò Lanmè Mouri a vin atake ou. Yo gentan pran lavil Azason Tama.
Azason Tama, se yon lòt non yo te bay lavil Angedi.
3Yon non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.
27Lèfini, tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo ak wa Jozafa alatèt yo tounen lavil Jerizalèm ak gwo kè kontan, paske se Senyè a menm ki te ba yo okazyon fè fèt sou do lènmi yo.
28Lè yo rive lavil Jerizalèm, y'ale nan Tanp Senyè a, pandan yo t'ap jwe gita, bandjo ak twonpèt.
29Lè 2 Kwo 14.14; 17.10 moun lòt nasyon yo vin konnen jan Senyè a te kraze lènmi peyi Jida yo, yo tout te sòti pè anpil.
30Se 2 Kwo 14.6,7; 15.15 konsa reny Jozafa a pase dous, san bri san kont. Bondye te fè tout peyi ki te nan vwazinay yo viv byen avè l.
Fen reny Jozafa(1 Wa 22.41-50)31Lè 1 Wa 22.41-43 Jozafa moute sou fòtèy wa peyi Jida a, li te gen trannsenkan sou tèt li. Li pase vennsenkan ap gouvènen lavil Jerizalèm. Manman l te rele Azouba. Se te pitit fi Chilki.
32Jozafa te swiv Asa, papa l, pye pou pye nan tou sa li te fè. Li te fè sa ki dwat devan Senyè a.
33Tansèlman, 2 Kwo 17.6 tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pa t'ap sèvi Bondye zansèt yo a ak tout kè yo.
34Tou 1 Wa 16.1,7; 22.45; 2 Kwo 19.2 sa Jozafa te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk denye jou a, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa Jeou, pitit Anani an, ki yon pòsyon nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo.
35Yon 1 Wa 22.48,49; 2 Kwo 9.21 lè, Jozafa, wa peyi Jida a, te pase kontra ak Okozyas, wa peyi Izrayèl la, ki te fè anpil bagay ki te mal devan Senyè a.
36Yo mete ansanm, yo fè fè anpil gwo batiman nan pò lavil Ezyongebè pou al fè trafik sou lanmè jouk nan peyi Tasis.
37Men 2 Kwo 19.2 Elyezè, pitit gason Dodava a, moun lavil Marecha, te avèti Jozafa. Li te di l:
— Paske ou te mete tèt ou ak Okozyas, Senyè a pral kraze sa ou te bati a.
Batiman yo kraze, yo pa janm rive vwayaje pou peyi Tasis.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.