1(2) Delivre m Sòm 35.4 non, Bondye!
Prese vin pote m sekou, Senyè!
2(3) Moun k'ap chache touye m yo,
se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo.
Moun ki anvi wè malè rive mwen,
se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.
3(4) Moun Sòm 35.27 k'ap lonje dwèt sou mwen yo,
se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont.
4(5) Men, Sòm 86.1; 141.1 tout moun ki vin jwenn ou,
se pou yo kontan, se pou yo fè fèt.
Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a,
se tout tan pou yo di:
Bondye gen gwo pouvwa!
5(6) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye.
Men ou menm, prese vin delivre m!
Se ou ki tout sekou mwen,
se ou ki tout delivrans mwen.
Prese non, Senyè!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.