Oze 10 - 1998 Haitian Creole

1Pèp Izrayèl la te tankou yon bèl pye rezen ki Det 16.22; Sòm 80.8-11 te konn donnen anpil. Plis pye rezen an t'ap donnen, se plis yo t'ap bati lotèl pou zidòl. Plis tè a t'ap bay, se plis yo t'ap fè pi bèl estati pou zidòl yo.

2Yo pat sensè! Kounyeya, yo pral peye pou sa yo fè: Bondye pral kraze ni lotèl yo, ni estati yo.

3Talè 1 Sam 12.12 konsa, y'a di:

— Nou pa gen wa, paske nou pa pè Senyè a.

Lèfini, yon wa, sa l ka fè pou nou?

4Men, tou sa se pale mete la.

Y'ap fè sèman yo p'ap kenbe.

Y'ap siyen kontra ki p'ap sèvi yo anyen.

Nan tribinal, y'ap rann move jijman.

Se tankou move zèb k'ap pouse nan yon jaden ou fenk pare.

5Moun 1 Sam 4.21,22; 1 Wa 12.28 ki rete lavil Samari pral tranble tèlman y'ap pè pou ti bèf an lò Betavenn yo. Y'ap kriye paske yo pèdi l. Prèt yo tou ap pouse rèl, paske sa ki te fè pouvwa yo a, yo wete l nan mitan yo.

6Yo Oze 5.13 pran zidòl la, yo mennen li ale nan peyi Lasiri. Yo fè gran wa a kado li. Yo pral fè Efrayim wont. Wi, moun Izrayèl sa yo pral wont paske yo t'ap swiv move konsèy.

7Y'ap fini ak lavil Samari a, wa li a ap disparèt tankou kim sou dlo.

8Yo 1 Wa 12.30; Am 8.14; Lik 23.30; Rev 6.16 gen pou yo fè disparèt tout kote pèp Izrayèl la te konn adore zidòl sou mòn Betavenn yo. Pikan ak raje ap pouse sou lotèl yo. Moun yo va rele, y'a mande mòn yo pou tonbe sou yo, y'a mande ti mòn yo pou kache yo.

Senyè a ap jije pèp Izrayèl la

9Senyè a Oze 9.9 di:

— Nou menm moun Izrayèl, depi nou te lavil Gibeya, n'ap fè peche. Depi lè sa a, nou pa janm sispann. Se konsa, lagè y'ap mennen kont mechan yo ap vire sou nou jouk lavil Gibeya.

10Se poutèt sa, mwen sòti pou m pini yo. Moun lòt nasyon ap mete tèt ansanm sou do yo. Wi, y'ap pini yo akòz peche yo fè.

11Yon Det 25.4 femèl byen drese ki renmen travay Se sa menm menm Efrayim ye. Men dekouvri mwen fin dekouvri sa Mwen deside gade li byen nan kòd. Konsa Jida va rale chari raboure tè Jakòb ap pase dèyè kraze boul tè ki rete.

12Mwen Eza 45.8; Jer 4.3; Gal 6.8 te di yo: Kenbe kè nou nan kondisyon pou nou sèvi Bondye. Fè sa ki dwat devan Bondye. Konsa n'a rekòlte benediksyon m'ap ban nou paske n'ap sèvi m ak tout kè nou. Fè bwa nèf. Wi, li lè pou nou tounen vin jwenn mwen. M'a vini, m'a vide benediksyon sou nou tankou lapli.

13Men, nou te pito fè sa ki mal devan je m. Se konsa, nou rekòlte sa ki mal tou. N'ap peye manti nou te bay yo.

Nou fè sa ki nan lide nou.

Nou te mete konfyans nou nan gwo kantite sòlda nou te genyen.

14Se 2 Wa 17.3; Oze 13.16 konsa, lènmi pral tonbe sou moun nou yo.

Y'a detwi tout fò nou yo.

Se va tankou lè wa Chalman te sakaje lavil Betabèl jou gwo batay la.

Lè sa a, yo te kraze ata manman ak pitit.

15Men sa k'ap rive nou, nou menm moun lavil Betèl.

Poutèt gwo mechanste nou te fè a,

konmanse batay la va konmanse, wa Izrayèl la gen pou mouri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help