Nonb (Liv Resansman an) - 1998 Haitian Creole

(Liv Resansman an)Nan liv Resansman an nou jwenn istwa sa ki rive pèp Izrayèl la pandan karantan yo pase ap viv nan dezè a, depi lè yo kite Mòn Sinayi a jouk yo rive nan peyi Mowab, sou bò solèy leve tè Bondye te pwomèt ba yo a. Non liv la sòti nan de resansman pèp la Moyiz te fè, premye a nan pye mòn Sinayi a anvan yo leve pati, dezyèm lan nan peyi Mowab anvan yo janbe lòt bò larivyè Jouden an.Liv Resansman an fè nou wè ki jan pèp Izrayèl la se yon pèp ki te dekouraje fasil, ki te pè tray jouk yo te rive leve dèyè Bondye ak Moyiz, moun Bondye te chwazi pou mennen yo a. Anmenmtan se istwa Bondye ki toujou kenbe pawòl li te bay lè li t'ap pase kontra ak pèp la. Se konsa li pa janm pèdi pasyans devan feblès pèp la, li toujou okipe yo menm lè yo derefize koute l. Liv la kanpe tou yon Moyiz, sèvitè Bondye, ki te gen anpil fòs kouray. Atout li te konn rive pèdi pasyans ak pèp la, li te toujou ap bat kò li ni pou Bondye ni pou pèp la, sitèlman li te renmen yo.Men plan liv la1. Moun pèp Izrayèl yo ap pare pou yo kite Mòn Sinayi (1—9)a. Premye resansman an (1—4)b. Divès lòd ak regleman (5—8)c. Dezyèm fèt Delivrans lan (9)2. Sòti nan pye Mòn Sinayi rive peyi Mowab (10—21)3. Sa ki rive nan peyi Mowab (22—32)4. Wout yo fè depi yo sòti kite peyi Lejip jouk yo rive peyi Mowab (33.1-49)5. Dènye lòd anvan yo janbe lòt bò larivyè Jouden (33.50—36.13)
Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help