1(1b) Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa?
Poukisa ou an kòlè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?
2Pa Egz 15.16; Sòm 9.11; Eza 63.9,17 bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an,
pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou!
Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a!
3Vin wè sa ki rete apre ravaj la!
Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a.
4Moun Lam 2.7 ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò.
Yo wete tou sa ki nan Tanp lan, yo mete drapo pa yo.
5Yo Jer 46.22 tankou moun k'ap voye kout rach
pou koupe pyebwa nan yon gwo rak.
6Yo 1 Wa 6.18,29-35 kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan Tanp lan,
anba kout rach ak kout mato.
7Yo 2 Wa 25.9; Sòm 79.1 mete dife nan kay ki apa pou ou a,
yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l vide atè.
8Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou!
Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a!
9Tout 1 Sam 3.1; Lam 2.9; Mi 3.6; Mat 16.4 bèl bagay ki te nan Tanp lan disparèt.
Pa gen pwofèt ankò.
Pèsonn pa konnen kilè sa va chanje.
10Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure?
Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou?
11Poukisa Lam 2.3 ou derefize ede nou?
Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze?
12Men, Sòm 44.4 Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan.
Ou fè nou genyen anpil batay sou latè.
13Se Egz 14.21; Eza 51.9 avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a.
Se avè l ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.
14Se Jòb 41.1; Eza 27.1 ou ki kraze tèt levyatan an,
lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l.
15Ou Egz 17.5,6; Nonb 20.11; Joz 4.23; Sòm 105.41; Eza 48.21; 51.10 te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule.
Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch.
16Ou Jen 1.14-16 fè lajounen, ou fè lannwit.
Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo.
17Se Jen 8.22; Det 32.8; Tra 17.26 ou ki fikse limit tè a.
Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi.
18Senyè, Sòm 89.50 pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib.
Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou!
19Pa lage pèp ou nan men lènmi l yo tankou toutrèl devan malfini.
Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt.
20Chonje Jen 17.7; Lev 26.44,45; Sòm 106.45; Jer 33.21 kontra ou te siyen avèk yo a!
Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen.
21Pa Sòm 6.10; 9.9 kite moun y'ap peze yo wont!
Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou.
22Leve 1 Sam 24.15 non, Bondye! Defann kòz ou!
Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!
23Pa Sòm 65.7 bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò!
Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.