1Mwen vle fè nou konnen ki kalite batay m'ap mennen pou nou, pou tout moun ki nan lavil Lawodise ak pou tout lòt moun yo ki poko konn figi mwen.
2M'ap Li fè yo tounen rizib devan je tout moun. Li fè yo mare yo trennen yo mache devan kòtèj laviktwa Kris la.
16Se Wòm 14.1-12 sa ki fè tou, pa okipe pesonn k'ap kritike nou pou sa n'ap manje, ni pou sa n'ap bwè, pou jou nou mete apa pou fèt yo, pou fèt lalin nouvèl, osinon pou yon jou saba.
17Tou Eb 8.5; 10.1 sa se lonbray bagay ki te gen pou vini yo. Bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye.
18Pa kite nou kraponnen devan moun nou wè k'ap sèvi zanj, ki swadizan p'ap vante tèt yo a. Moun konsa toujou ap mache rakonte vizyon yo fè. Yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm foure nan tèt yo.
19Moun Ef 2.21; 4.15,16 konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tèt kò a. Se Kris la k'ap nouri tout kò a, k'ap kenbe l byen kanpe ak tout jwenti l ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fè l grandi jan Bondye vle l la.
Si nou mouri ansanm ak Kris la, n'a viv ansanm avè l tou20Se Gal 4.3,9 konsa, si nou mouri ansanm ak Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lespri k'ap donminen nan lemonn yo, poukisa pou n'ap viv tankou si nou te toujou anba pouvwa ki nan lemonn yo? Poukisa pou nou kite yo soumèt nou anba prensip tankou sa ki di:
21pa Gal 6.8 pran sa, pa goute sa, pa manyen sa?
22Tout Eza 29.13; Mat 15.9 bagay sa yo, fini ou fin fè yo, yo pa fè anyen pou ou. Se lèzòm ki mande bagay konsa, se yo ki moutre bagay sa yo.
23Se Wòm 13.14; 1 Tim 4.3 vre, bagay sa yo sanble yo bon, paske sa mande moun anpil volonte pou yo pran pòz sèvi zanj yo konsa, pou yo pran pòz pa vante tèt yo, pou yo fè bagay pou swadizan kraze pouvwa lachè nan kò yo. Men, tou sa pa vo anyen. Paske, atousa, yo pa ka rive donmennen egzijans lachè a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.