2 Wa 5 - 1998 Haitian Creole

Istwa maladi Naaman

1Naaman, kòmandan lame wa peyi Paske mwen menm ki la pou sèvi ou la, depi jòdi a mwen p'ap fè ofrann, mwen p'ap boule bèt pou okenn lòt bondye pase pou Senyè a.

18Tansèlman, 2 Wa 7.2,17 m'ap mande Senyè a pou li padonnen davans kèk jès m'ap fè. Paske lè chèf mwen pral fè sèvis nan tanp Rimon an, se sou bra mwen pou l'apiye. Mwen fèt pou mwen bese tèt ansanm ak li nan tanp lan. Se pou Senyè a padonnen mwen davans.

19Elize reponn li:

— Ale ak kè poze!

Naaman pati. Lè li rive yon distans,

20Gerazi, 2 Wa 4.12 domestik Elize, pwofèt Bondye a, di nan kè l:

— Mèt mwen kite Naaman, moun Siri a, ale, li pa pran anyen nan sa l te pote pou li a. Mwen pran Senyè vivan an pou temwen, mwen pral kouri dèyè l pou m pran kichòy nan men l.

21Se konsa li pati dèyè Naaman. Lè Naaman wè l ap kouri vin jwenn li, li prese desann sot sou cha li a, l'al jwenn li, li mande l:

— Ki malè ki rive?

22Gerazi 2 Wa 5.5 reponn li:

— Se pa anyen non. Se mèt mwen ki voye m di ou konsa gen de jenn pwofèt ki sòti nan mòn Efrayim yo ki fenk rive lakay li, li ta renmen ou voye twasan (300) pyès ajan ak de rad nèf pou l ba yo.

23Naaman reponn:

— Tanpri, pran sisan (600) pyès ajan.

Li fòse l pran yo, li mare pyès ajan yo nan de ti sak, li lonje yo bay de nan domestik pa l yo ansanm ak de bèl rechanj pou yo pote yo devan Gerazi.

24Lè yo rive sou ti mòn lan, Gerazi pran de ti sak yo nan men domestik yo, li mete yo lakay li, lèfini, li voye domestik Naaman yo ale fè wout yo.

25Apre sa, l'ale jwenn mèt li. Elize mande l:

— Gerazi, kote ou sòti?

Gerazi reponn:

— M pa te al okenn kote non, mèt!

26Elize di li:

— Bonnanj mwen te la avèk ou, lè nonm lan desann soti sou cha li pou resevwa ou. Men se pa lè sa a pou nou resevwa lajan ak rad ni pou nou achte jaden oliv, jaden rezen, bèf, mouton, kabrit, osinon fanm ak gason pou sèvi nou esklav.

27Se Nonb 12.10 poutèt sa, maladi Naaman an pral tonbe sou ou, sou pitit ak pitit pitit ou yo pou tout tan.

Lè Gerazi sòti, li te gen maladi po a. Po kò l te blan kou koton.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help