Tit 1 - 1998 Haitian Creole

Salitasyon

1Mwen menm, Pòl, mwen se sèvitè Bondye, yon apòt Jezikri. Se Bondye menm ki voye m pou m ede moun li chwazi yo rive gen konfyans nan li, pou m fè yo konnen verite a jan n'ap viv li nan sèvis Bondye,

2pou yo ka gen espwa resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa janm manti, li te pwomèt lavi sa a depi lontan anvan li te kreye tout bagay.

3Lè Se pou pitit li yo gen konfyans nan Bondye. Tout moun fèt pou konnen yo pou timoun ki pa nan dezòd, ki pa dezobeyisan.

7Paske, 1 Kor 4.1; 1 Pyè 5.2; 2 Tim 2.24 yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon.

8Men, se pou l konn resevwa moun lakay li. Se pou l renmen sa ki byen, se pou li konn kenbe tèt li anplas, se pou li san patipri. Se pou l viv apa pou Bondye, pou li konn kontwole tèt li.

9Se Tit 2.1; 1 Tim 1.10; 2 Tim 4.3 pou l kenbe mesay verite a byen fèm, jan Kris la te bay li a, pou l ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k'ap vire pawòl la lanvè.

10Paske, gen moun ki rebèl, k'ap mache twonpe moun ak pawòl san sans. Gen anpil jwif konvèti ki konsa nan mitan yo.

11Se 2 Tim 3.6; Jan 10.12; 1 Pyè 5.2 pou nou fèmen bouch moun sa yo. Yo boulvèse anpil fanmi deja ak move bagay y'ap anseye yo. Y'ap fè tou sa, pou yo ka fè lajan nan move kondisyon.

12Se pwòp pwofèt moun Krèt yo menm ki di: Moun Krèt, moun mantè! Move bèt! Vant sa pa janm plen!

13Sa 2 Tim 4.2 li di a, se vre wi. Se poutèt sa, pale sevè ak yo pou yo ka sensè nan konfyans yo,

14pou 1 Tim 4.7 yo pa swiv vye istwa jwif yo fè, ni kòmandman ki sòti nan moun ki vire do bay verite a.

15Pou Mat 15.11; Wòm 14.20 yon moun k'ap fè volonte Bondye, tout bagay bon. Men, anyen pa bon pou moun k'ap fè sa ki mal, pou moun ki pa gen konfyans nan Bondye, paske lespri yo ak konsyans yo fin pran nan sa ki mal.

16Y'ap 2 Tim 3.5 mache di yo konn Bondye. Men, sa y'ap fè a demanti yo. Yo bay degoutans, yo rebèl, yo pa ka fè anyen ki bon.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help