1Kèk tan apre sa, wa Atagzèsès mete yon nonm ki te rele Aman nan yon gwo pozisyon. Aman sa a te pitit Amadatòs ki te moun Bougayòs. Se konsa, wa a nonmen l chèf sou tout lòt chèf parèy li yo.
2Wa a pase lòd pou tout anplwaye nan gouvènman li bese tèt yo jouk atè devan Aman. Men, Madoche te derefize fè bagay konsa.
3Lòt anplwaye wa yo mande Madoche poukisa li pa fè sa wa a te bay lòd fè a.
4Chak jou yo te dèyè l, men li menm li te derefize koute yo. Li esplike yo se jwif li ye. Se konsa mesye yo al di Aman jan Madoche pa te vle swiv lòd wa a te bay la.
5Lè Aman vin konnen Madoche te derefize bese tèt li jouk atè devan l, li ofiske.
6Li fè lide pou l touye dènye kras jwif ki nan peyi wa Atagzèsès la.
7Lè sa a, wa Atagzèsès t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen. Aman pase yon lwa. Li mande divinò fè l konnen ki jou ak ki mwa ki pi bon pou l disparèt ras moun parèy Madoche yo yon sèl jou. Se konsa yo ba li katòzyèm jou nan mwa Ada a.
8Lè sa a, Aman al di wa Atagzèsès konsa:
— Monwa, gen yon nanchon ki gaye nan tout peyi w'ap gouvènen yo. Mès moun sa yo pa menm menm ak mès tout lòt pèp yo. Lèfini, yo pa menm okipe lòd ou bay yo. Li pa ta bon pou wa a fèmen je l sou sa.
9Si wa a ta vle, li ta pran desizyon pou li disparèt yo. Mwen menm, m'ap ranmase twasanswasannkenz (375) tòn ajan m'ap mete nan kès wa a.
10Wa a wete gwo bag li pote nan dwèt li a, li mete l nan men Aman pou l sele tout lèt li pral ekri sou do jwif yo.
11Apre sa, li di Aman konsa:
— Ou mèt kenbe lajan an pou ou. Pou nanchon moun sa yo, fè sa ou vle ak yo.
12Se konsa, nan trèzyèm jou premye mwa a, Aman fè rele tout sekretè wa yo, li ba yo lòd ekri yon piblikasyon voye bay jeneral lame yo ak prefè yo ki nan sanvennsèt pwovens yo, depi peyi Lend rive peyi Letyopi, ak bay chèf tout nasyon yo. Yo fè piblikasyon an nan lang chak peyi nan non wa Atagzèsès.
13Lèfini, li voye mesaje kouri pote piblikasyon an nan tout peyi ki anba kòmandman wa Atagzèsès.
Piblikasyon an te bay lòd pou nan douzyèm mwa a, ki vle di mwa Ada a, yon sèl jou a pou yo touye dènye kras jwif, lèfini pou yo te piye tout byen yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.