Sòm 121 - 1998 Haitian Creole

SÒM 121 (120)Senyè a se tout pwoteksyon mwen(1a) Se Sòm 123.1; Jer 3.23 yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.

1(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di:

— Ki bò m'a jwenn sekou?

2Sekou Sòm 115.15; 124.8 mwen sòti nan men Senyè a.

Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

3Li 1 Sam 2.9; Sòm 41.2; 127.1; Pwo 3.26; Eza 27.3 p'ap kite pye ou chape,

moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.

4Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la

p'ap kabicha, li p'ap dòmi.

5Se Sòm 16.8; 91.1 Senyè a k'ap veye sou ou,

l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbray ou.

Se li ki tout pwoteksyon ou.

6Lajounen, Eza 49.10; Rev 7.16 solèy la p'ap fè ou anyen,

lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.

7Senyè a Sòm 91.10 ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou,

li p'ap kite anyen rive ou.

8L'ap Det 28.6 pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti,

depi kounyeya ak pou tout tan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help