1Men pi bèl chante nan tout chante Salomon
Po m menm koulè ak tant nan dezè a.
Men, li bèl tankou rido nan palè Salomon an.
6Pa Manyè Eze 34.14,15 di mwen non, ou menm mwen renmen anpil la,
ki bò ou pral mennen mouton ou yo manje?
Kibò yo pral pare solèy midi?
Konsa mwen p'ap bezwen ap chache ou kou moun fou
nan mitan gadò tokay ou yo.
Sanba yo pran:8Bèl fanm pase ou, nanpwen!
Ki jan ou fè pa konn kote sa a?
Ale non. Swiv mouton yo.
W'a jwenn manje bò la pou kabrit ou yo,
toupre tant gadò yo.
Gason an reponn:9Ou 2 Kwo 1.16 menm mwen renmen anpil la, w'ap boulvèse mesye yo,
menm jan yon jiman ap boulvèse poulen chwal cha lagè farawon yo.
10Ala Eze 16.11 bèl ou bèl jan ou penyen an ak pèl nan très ou yo!
Ala bèl ou bèl ak bèl kolye nan kou ou!
11Men, n'ap fè yon chenn lò pou ou
ak ti moso ajan kole ladan l.
Fi a:12Mèt Jan 12.3 mwen kouche bò kote mwen.
Lodè pafen sou mwen gaye toupatou.
13Mennaj mwen tankou yon ponyen bazilik
ki lonje bò kote mwen.
14Anmoure mwen tankou yon bouke woz
k'ap fleri nan yon jaden apa.
Gason an:15Ala Kan 4.1 bèl ou bèl, anmourèz mwen!
Ala bèl ou bèl!
Zye nan tèt ou, ou ta di de bèl chelèn kristal.
Fi a:16Ala bèl ou bèl, mennaj mwen!
Se pa ti debyen ou debyen ak mwen.
Zèb yo sèvi nou kabann!
17Bwa sèd sèvi nou poto kay,
Planch bwachenn sèvi nou panno.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.