1Poukisa se pat frè m ou te ye,
frè ki tete menm manman avè m?
Lè m ta kontre avè ou nan lari,
m ta gendwa bo ou, pèsonn pa ta wè mal nan sa.
2Mwen Pwo 9.2,5 ta mennen ou lakay manman m,
mwen ta fè ou antre.
Ou ta moutre m sa pou m fè.
M ta ba ou diven melanje ak fèy santi bon
ak ji grenad mwen yo pou ou bwè.
3Li Kan 2.6,7 pase men gòch li anba tèt mwen,
l'ap karese m ak men dwat li.
Gason an:4Nou menm medam lavil Jerizalèm yo,
Tanpri, tanpri souple!
Pa deranje anmourèz mwen lè l'ap dòmi.
Pa reveye li anvan lè.
Sizyèm chanteSanba yo:5Kilès sa a k'ap vin sot nan dezè a?
Kilès sa a ki apiye sou bra mennaj li konsa?
Fi a:Anba pye ponm lan, mwen leve ou nan dòmi.
Se la ou te fèt.
Se la manman ou te fè ou wè solèy.
6Grave Det 4.24; Pwo 6.34,35; Eza 49.16; Wòm 8.35 mwen sou kè ou!
Make mwen nan plamen ou!
Lanmou fò tankou lanmò.
Tankou simityè pa pran priyè, jalouzi pa nan jwèt.
Lè maladi lanmou kenbe ou, Li pa lage ou yon may
Lanmou limen dife nan tout kò ou.
Dife sa a gen sous li soti nan Bondye.
7Pa gen dlo ki ka touye l.
Pa gen larivyè ki ka tenyen l.
Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l ta achte renmen,
pèsonn pa ta okipe l.
Sanba yo:8Nou gen yon ti sè,
Lestonmak li poko menm boujonnen.
Kisa nou ka fè pou li
Si yon jennonm vin ap liyen li?
9Si l'ap kenbe tèt pou defann lonè li,
N'a ba li jarèt pou pwoteje respè li.
Si se yon ti nonsan,
ki pa konn sa li vle,
N'a kanpe ak li pou gide li nan danje.
Fi a:10Se yon miray ranpa mwen ye.
Tete m tankou de fò.
Se poutèt sa, nan je mennaj mwen,
m se yon fanm ki jwenn bonè m.
Gason an:11Salomon Eza 7.23; Mat 21.33 te gen yon jaden rezen yon kote yo rele Baal-Amon.
Li bay kèk moun okipe l pou li.
Lè rekòt, yo chak pou te ba li mil (1.000) pyès ajan.
12Mwen gen jaden rezen pa m m'ap okipe.
Salomon, ou mèt kenbe mil (1.000) pyès ajan pa ou yo
ak desan (200) pyès ajan pou moun k'ap veye rekòt la.
13Zanmi Kan 1.7; 2.14; 5.1 kanmarad ap pare zòrèy yo pou tande ou.
Fè m tande vwa ou non,
ou menm ki rete nan jaden yo!
Fi a:14Kouri Kan 2.17 non, mennaj mwen!
Kouri tankou yon kabrit,
tankou yon jenn ti kabrit
sou mòn ki gen bon sant yo!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.