Jeremi 37 - 1998 Haitian Creole

Sedesyas voye kote Jeremi

1Nebikadneza, wa Babilòn, te mete Sedesyas, Jeremi Jer 1.1; 32.8,9 te vle fè yon ti sòti andeyò lavil la pou l'ale nan peyi moun Benjamen yo. Li ta pral resevwa pòsyon pa l nan yon tè fanmi li ansanm ak tout rès moun yo t'ap separe.

13Lè Jer 21.9 li rive Pòtay Benjamen, li kontre ak kòmandman pòs la ki te rele Jirija. Se te pitit Chelemya, pitit pitit Ananya. Jirija rete Jeremi, li di l konsa:

— Anhan! Ou pral rann tèt ou bay moun Babilòn yo!

14Jeremi Jer 36.12 reponn li:

— Non, monchè! Mwen pa pral rann tèt mwen kras bay moun Babilòn yo.

Men Jirija pa koute l menm. Li boukle Jeremi, li mennen l bay chèf yo.

15Chèf Eb 11.36 yo move sou Jeremi, yo fè bat li byen bat. Apre sa, yo fèmen mesye lakay Jonatan, sekretè Tanp lan. Yo te pran kay sa a sèvi yo prizon.

16Yo Jer 21.7; 38.6-14,16 mete Jeremi nan yon kacho anba Tanp lan. Yo kite l pase kèk tan la.

17Apre sa, wa Sedesyas voye chache l. Lè Jeremi rive nan palè a, wa a pran l sou kote, li mande l:

— Eske Senyè a ba ou yon mesay pou mwen?

Jeremi reponn:

— Wi, monwa. Men li: Yo pral lage ou nan men wa lavil Babilòn lan.

18Apre sa Jeremi mande wa a:

— Sa mwen fè ou, sa m fè chèf ou yo, sa m fè pèp la pou ou mete m nan prizon?

19Kisa Jer 28.2,11,17 ki rive pwofèt ou yo ki te di ou wa lavil Babilòn lan pa t'ap vin atake ni ou menm ni peyi a?

20Kounyeya, monwa, Jer 38.26 mèt mwen, tanpri, koute sa m'ap mande ou. Tanpri souple, pa voye m tounen nan prizon kay Jonatan, sekretè a. Si ou fè sa, nanpwen rechap pou mwen.

21Se Jer 38.28; 52.6; Eze 4.10,16 konsa, wa Sedesyas bay lòd pou yo fèmen Jeremi nan lakou gad palè yo. Chak jou se pou yo ba li yon pen y'a pran nan Riyèl Boulanje yo jouk jou p'ap gen pen ankò nan lavil la. Se konsa Jeremi rete nan lakou gad palè yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help