Pwovèb 23 - 1998 Haitian Creole

— 6 —

1Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye.

2Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou.

3Pa pote lanvi sou bon ti manje l'ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann pou ou.

— 7 —

4Pa Li Sòm 12.2 chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa.

8W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l yo p'ap sèvi ou anyen.

— 9 —

9Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li.

— 10 —

10Pa Pwo 22.28 janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa.

11Se Pwo 22.23 Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou.

— 11 —

12Mete tèt ou anplas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale.

— 12 —

13Ou Pwo 13.24; 19.18 pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l.

14Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l pa mouri.

— 13 —

15Pitit Pwo 29.3 mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan.

16M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap sòti nan bouch ou.

— 14 —

17Pa Sòm 37.1; Pwo 28.14 pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye.

18Paske Pwo 24.14 gen denmen. Se pa pou gremesi w'ap tann sa w'ap tann lan.

— 15 —

19Louvri Pwo 9.6 zòrèy ou, gason mwen, pou ou ka gen bon konprann, pou ou ka mache dwat. Kalkile byen kote w'ap mete pye ou, pou ou ka mache dwat.

20Pa Pwo 28.7; Eza 5.11; Lik 21.34; Ef 5.18 fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte.

21Paske Pwo 6.10,11 moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè.

— 16 —

22Pitit Pwo 1.8; 30.17; Ef 6.1 mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun.

23Verite, Pwo 4.5,7 konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.

24Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan.

25Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan.

— 17 —

26Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.

27Fanm Pwo 22.14 jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis.

28Tankou Pwo 7.12 vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo.

— 18 —

29Ki Jen 49.12 moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj?

30Se Pwo 9.2,5; Eza 5.11,22 moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe.

31Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l, li desann dous nan gòj ou.

32Men, Jòb 20.16 pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.

33W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.

34W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon m'a batiman.

35Lè Eza 56.12; 2 Pyè 2.22 sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help