1Senyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Jojakim,
— Se pou n'al fè wa a konnen bagay sa yo.
17Lèfini, yo mande Bawouk:
— Mangè di nou ki jan ou te fè ka ekri tout bagay sa yo. Se Jeremi ki te dikte ou yo?
18Bawouk reponn yo:
— Se Jeremi menm ki te dikte tout mesay sa yo. Mwen menm, mwen kouche yo sou woulo liv la ak lank.
19Lè sa a, chèf yo di Bawouk:
— Al kache tande, ou menm ansanm ak Jeremi. Pa kite pyès moun konnen kote nou ye.
Wa a boule liv la20Chèf yo kite woulo liv la lakay Elichama, sekretè palè a, y'ale nan lakou palè a, y'al rapòte wa a tout bagay.
21Lè sa a atò, wa a voye Jeoudi al chache woulo liv la lakay Elichama, sekretè a. Jeoudi pote liv la vini. Li tanmen li li byen fò pou wa a ansanm ak lòt chèf ki te kanpe bò wa a.
22Se Am 3.15 te nan sezon fredi, nan nevyèm mwa a, wa a te nan kay kote li konn pase tan fredi a, li te chita devan yon gwo recho dife tou limen.
23Chak fwa Jeoudi te fin li twa ou kat kolòn nan liv la, wa a koupe yo ak yon ti kouto epi li jete yo nan dife a. Konsa konsa, jouk li boule tout woulo liv la.
24Men, Joz 7.6 ni wa a ni chèf li yo pat gen kè kase, ni yo pat fè anyen pou moutre yo te nan lapenn lè yo tande tou sa ki te nan woulo liv la.
25Elnatan, pitit Delaja, ak Gemarya te lapriyè nan pye wa a pou li pat boule woulo liv la. Men, wa a pa koute yo.
26Okontrè, Jer 45.1-3 li pale ak Jerakmeyèl, pitit li a, ansanm ak Seraja, pitit Azryèl la, ak Chelemya, pitit Abdeyèl la. Li ba yo lòd pou yo arete pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, sekretè l la. Men Senyè a pa kite yo jwenn yo.
Jeremi ekri yon dezyèm woulo liv27Apre wa a te fin boule woulo liv ki te gen tout mesay Jeremi te dikte Bawouk la, Senyè a pale ak Jeremi ankò. Li di l konsa:
28— Al chache yon lòt woulo papye. Ekri tou sa ki te nan premye woulo Jojakim, wa peyi Jida a, te boule a.
29Lèfini, Jer 26.9 men sa w'a di sou Jojakim, wa Jida a. Senyè a pale, li di konsa: Ou boule woulo liv la, pa vre? Epi ou mande Jeremi poukisa li te ekri wa Babilòn lan gen pou l vini pou l kraze peyi a, pou l touye dènye moun ak dènye bèt ki ladan l.
30Se Jer 22.19,30 poutèt sa, kounyeya, men mesay mwen menm Senyè a m'ap bay sou Jojakim, wa peyi Jida a: P'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou chita sou fòtèy David la pou gouvènen nan plas li. Kadav li pral rete atè konsa, pou chalè solèy bat li lajounen, pou fredi bat li lannwit.
31M'ap pini yo, ni li menm ni pitit li yo, ni chèf li yo pou tou sa yo fè ki mal. Ni yo, ni moun lavil Jerizalèm yo, ni moun peyi Jida yo pat koute m lè mwen t'ap avèti yo. M'ap voye sou yo malè mwen te di m'ap voye a.
32Se konsa Jeremi pran yon lòt woulo liv. Li bay Bawouk, sekretè li a, pitit Nerija a. Bawouk menm ekri tou sa Jeremi te di l. Li ekri tout mesay ki te nan premye woulo liv wa Jojakim te boule a, ansanm ak anpil lòt mesay menm jan ak premye yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.