Sòm 126 - 1998 Haitian Creole

SÒM 126 (125)Lapriyè pou mande delivrans(1a) Se Tra 12.9 yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.

1(1b) Lè Senyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo,

se tankou si nou te nan rèv: Nou pat vle kwè se te vre!

2Ala Jòb 8.21; Sòm 71.19 ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan!

Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di:

— Senyè a fè anpil bèl bagay pou yo!

3Wi, li te fè anpil bèl bagay pou nou,

sa te fè kè nou kontan anpil.

4Senyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo,

menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò.

5Moun Ney 12.43; Jer 31.9 ki simen ak dlo nan je

ap rekòlte ak kè kontan.

6Moun ki t'ap kriye lè yo ta prale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo,

y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help