1Moun ki fè sa p'ap janm rich.
Moun ki pa okipe ti bagay piti, bout pou bout yo gen pou yo fini mal.
2Diven ak fanm lakòz moun lespri fè betiz.
Moun k'ap frekante jennès, nan je chèch yo, y'ap vin pi malpwòp chak jou.
3Kò yo ap pouri, vè ap fini avè yo.
Je chèch sa a ap lakòz yo mouri.
Pa radote4Moun ki prese fè moun konfyans, se moun fou yo ye.
Lè ou fè sa ki mal, se pwòp tèt ou ou fè mal.
5Si ou pran plezi ou ap fè sa ki mal,
y'ap kondannen ou.
6Evite pale anpil. Sa va egzante ou anpil malè.
7Pa janm repete sa yon moun di ou.
Konsa ou p'ap janm nan kont ak pèsonn.
8Pa janm rakonte l bay pèsonn, kit se zanmi ou, kit se lènmi ou.
Pa janm repete anyen, esèpte si lè ou fèmen bouch ou sa fè ou tounen konplis.
9Si moun tande ou ap fè sa, yo p'ap fye ou.
Yon lè konsa y'ap rayi ou.
10Ou tande yon zen? Kenbe l pou ou.
Ou pa bezwen pè, li p'ap pete andedan ou.
11Yon moun sòt k'ap fè jefò pou kenbe yon sekrè,
se tankou yon fanm ki gen doulè tranche.
12Lè yon moun sòt ap chache kenbe yon pawòl,
se tankou yon flèch ki plante nan kwis yon moun.
13Lè ou tande yon zanmi ou fè yon bagay ki mal, al wè li. Se ka pa vre.
Si l fè kichòy vre, li p'ap fè sa ankò.
14Si ou vin konnen vwazen ou di kichòy, al wè li. Se ka pa vre.
Si l te di l vre, li p'ap di sa ankò.
15Si ou rive konnen y'ap pale zanmi ou mal, al wè li. Se ka manti y'ap bay sou li.
Piga ou kwè tou sa moun ap di.
16Anpil fwa bouch yon moun chape, li di kichòy san mechanste.
Tout moun fè peche ak lang yo.
17Si ou vin konnen yon vwazen ou ap fè bagay ki pou fè ou fache, al pale avè l anvan ou move sou li.
Lèfini, kite Granmèt la regle sa dapre lalwa li a. Bon Konprann tout bon an
20Tout bon konprann se gen krentif pou Granmèt la.
Depi ou gen bon konprann sa vle di ou fè tou sa lalwa mande.
22Ou ka konnen anpil bagay sou sa ki mal, men se pa sa k'ap ba ou bon konprann.
Konsèy moun k'ap fè sa ki mal yo p'ap janm mete ou sou prigad ou.
23Gen yon kalite lespri yon moun ka genyen ki fè Bondye pa vle wè l.
Moun ki manke bon konprann ap aji tankou moun fou.
24Pito yon moun pa gen lespri men li gen krentif pou Bondye
pase pou li gen anpil lespri lèfini pou li pa swiv lalwa Bondye.
25Gen moun ki gen anpil lespri ak anpil ladrès men ki sèvi ak yo pou fè lenjistis.
Yon lòt menm ap twonpe moun pou l ka gen rezon.
26Gen moun k'ap pran pòz chagren yo, y'ap mache kagou,
men nan fon kè yo se renk plan y'ap fè.
27Tèt yo bese, yo pran pòz pa tande ou.
Ipokrit yo, se dòmi y'ap dòmi sou ou.
28Gen moun ki pa gen fòs pou fè sa ki mal,
men premye okazyon yo jwenn pou fè l y'ap fè l.
29Depi ou gade yon moun, ou konnen ki moun li ye.
Sou figi l ou konnen si li gen lespri.
30Jan li abiye, jan l ri ak jan li mache
fè ou konnen ki kalite moun li ye.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.