1Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòt, nan vizyon li te fè sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm:
2Yon
Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la!
L'a moutre nou jan li vle nou viv la.
Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an.
Paske, Senyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li.
Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.
4L'ap Sòm 72.7; Zak 9.10 regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt.
L'ap jije tout gwo peyi yo.
Y'a pran mato, y'a fè zam yo tounen zouti pou travay tè.
Y'a fè nepe yo tounen kouto digo.
Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò.
Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.
5Kounyeya, nou menm moun fanmi Jakòb yo, annou mache nan limyè Senyè a ban nou an.
Senyè a ap vini6Bondye, Det 18.14; 2 Wa 1.2; 16.7,8,11,12 Ou lage pèp ou a, moun fanmi Jakòb yo! Peyi yo a plen moun k'ap fè divinò, moun k'ap li zetwal. Peyi a tounen tankou peyi Filisti yo. Tout moun nan peyi a ap swiv vye mès moun lòt nasyon yo.
7Peyi a plen lò ak lajan. Richès peyi a pa gen limit. Peyi a plen chwal. Ou pa ka konte kantite cha pou fè lagè yo genyen.
8Peyi a Jer 2.28 plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.
9Tout moun pral bese je yo gade atè afòs yo pral wont. Pa padonnen yo, Senyè!
10Yo 2 Tes 1.9 pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Senyè a. Sezisman va pran yo lè y'a wè Senyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li va parèt aklè.
11Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Senyè a va sèl chèf.
12Wi, Jòb 40.11,12 jou sa a, se va jou Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.
13L'ap Zak 11.1,2 detwi tout gwobwa peyi Liban an, tout gwo potanta peyi Bazan an.
14L'ap kraze tèt gwo mòn kou ti mòn. L'ap fè yo tout vin menm wotè.
15L'ap kraze tout fò yo ak tout miray ranpa yo.
16L'ap 1 Wa 10.22 koule tout gwo batiman peyi Tasis yo, y'ap fè fon ak tout bèl bagay yo.
17P'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Lè jou sa a va rive, Senyè a va sèl chèf.
18Tout zidòl pral disparèt nèt ale.
19Yo Aje 2.6 pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Bondye. Sezisman va pran yo lè y'a wè Senyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè, lè Senyè a va leve pou l fè tè a tranble.
20Jou Eza 30.22; 31.7 sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè ak lajan, ak lò pou adore yo, y'a voye yo jete bay rat ak chòchòt.
21Lè Senyè a va vini pou l fè tè a tranble, yo pral kache kò yo nan twou wòch, yo pral fouye twou anba tè. Sezisman va pran yo lè y'a wè Senyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè.
22Pa Jen 2.7 mete konfyans nou nan moun parèy nou! Talè yo pa pèdi souf yo, yo pa mouri! Lè sa a, kisa yo ka fè pou nou ankò?
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.