Sòm 28 - 1998 Haitian Creole

SÒM 28 (27)Senyè a tande rèl nou(1a) Se Sòm 18.2; 31.3; 35.22; 143.7 yon sòm David.

1(1b) Senyè, se ou menm ki twou wòch kote m kache a, se nan pye ou m'ap rele.

Pa fè tankou ou pa tande m.

Si ou pa reponn mwen,

m'ap tankou yon kadav y'ap antere.

2Tande m 1 Wa 8.29; Sòm 5.7; 134.2; 140.6 non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou.

Koute m non, lè mwen leve de bra m nan direksyon kay ki apa pou ou a.

3Pa Sòm 26.9; Jer 9.8 mete m nan menm sak ak mechan yo,

ak moun k'ap fè sa ki mal,

ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo

men ki gen mechanste plen kè yo.

4Pini Jer 50.15,29; 2 Tim 4.14; Rev 18.6; 22.12 yo pou sa yo fè,

pou tou sa yo fè ki mal.

Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite.

5Yo Eza 5.12 pa pran ka sa Senyè a te fè,

sa l te fè ak men l.

Se pou Senyè a detwi yo,

se pou l disparèt yo nèt ale.

6Ann fè lwanj Senyè a.

Li tande m lè mwen rele l.

7Senyè a Sòm 3.3; 69.30 ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen.

Mwen mete tout konfyans mwen nan li.

Li ede m, kè m kontan.

M'ap chante pou m fè lwanj li.

8Se Sòm 20.6; 140.7 Senyè a ki tout fòs pèp li a.

L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l.

9Senyè, Det 9.29; 1 Wa 8.51; Sòm 78.71,72; Eza 63.9 sove pèp ou a non!

Beni tout moun pa ou yo!

Aji ak yo tankou yon bon gadò.

Pran swen yo tout tan tout tan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help