1 Makabe 5 - 1998 Haitian Creole

Lagè ak moun peyi Idime ak moun peyi Amon yo(2 Makabe 10.14-38)

1Lè moun lòt nasyon yo vin konnen jwif yo te rebati lotèl la, epi yo te mete tanp lan kanpe ankò jan li te ye anvan an, yo pa te manke move.

2Yo pran desizyon pou yo disparèt dènye moun nan fanmi Jakòb ki t'ap viv nan mitan yo. Se konsa yo tanmen mache touye moun pou fini ak jwif yo nan mitan pèp la.

3Jida al fè lagè ak moun fanmi Ezayi yo nan peyi Idime, nan zòn Akrabatèn, paske yo te sènen moun pèp Izrayèl yo la. Jida bat moun Idime yo byen bat, li kraze lògèy yo, lèfini li piye lakay yo.

4Li vin chonje jan moun Bayan yo te mechan, jan yo te yon malè pandye, yon antrav pou moun pèp Izrayèl yo paske yo te toujou kache sou granchemen, ap veye jwif k'ap vwayaje yo.

5Jida bloke moun Bayan yo nan fò yo, li sènen yo, lèfini li pran angajman pou l touye yo tankou yon ofrann bèt pou Bondye. Li mete dife nan fò yo, li boule yo ansanm ak tout lòt moun ki te ladan yo.

6Apre sa, li pase nan peyi Amon yo, kote li kontre ak yon gwo lame ak anpil sòlda. Chèf lame a te rete Timote.

7Se pa de goumen Jida pa goumen ak yo, li kraze yo, li bat yo byen bat.

8Li pran lavil Jazè ak tout ti bouk ki te sou kont li yo, lèfini li tounen tounen l nan peyi Jide.

Lagè nan peyi Galarad ak nan Galile(2 Makabe 12.10-31)

9Moun lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi Galarad yo mete tèt yo ansanm pou yo leve dèyè moun pèp Izrayèl ki t'ap viv nan mitan yo pou disparèt yo. Men, moun pèp Izrayèl yo al kache nan gwo fò Datema a,

10epi yo ekri lèt voye bay Jida ansanm ak frè li yo ak mesay sa a ladan l:

— Moun lòt nasyon ki bò kote nou yo mete tèt yo ansanm pou yo leve dèyè nou. Yo sòti pou yo disparèt nou.

11Yo pare kounyeya pou yo vin pran gwo fò kote nou te vin kache a. Se Timote k'ap kòmande lame yo a.

12Vin rache nou anba men yo, paske yo gentan touye anpil nan nou.

13Yo touye tout jwif parèy nou yo ki nan zòn Toubi a. Yo fè madanm yo ak pitit yo prizonye, yo depòte yo ale, yo pran tout byen yo. Nan zòn sa a ase yo touye mil (l.000) gason konsa.

14Jida pat ankò fin li lèt sa a, lè lòt mesaje rive sòti peyi Galile ak lòt move nouvèl. Mesaje yo te chire rad sou yo sitèlman yo te nan lapenn.

15Men sa yo t'ap di:

— Yon lame sòti lavil Toleme, lavil Tir ak lavil Sidon, yo mete tèt yo ansanm ak tout moun lòt nasyon ki nan peyi Galile yo pou yo disparèt nou.

16Lè Jida ansanm ak pèp la tande koze sa yo, yo tout fè yon gwo reyinyon pou yo diskite sou sa pou yo fè pou ede frè parèy yo ki te nan tribilasyon ak lènmi sa yo k'ap atake yo.

17Jida di Simon, frè l la, konsa:

— Chwazi kèk moun avè ou, epi al delivre frè parèy ou yo ki nan peyi Galile. Mwen menm ak Jonatan, frè m lan, nou pral nan peyi Galarad.

18Li kite Jozèf, pitit gason Zakari a, ak Azaryas, yon chèf pèp la, ansanm ak rès lame a pou moute lagad nan peyi Jide a.

19Li pale ak yo, li di yo konsa:

— Gouvènen pèp la tande. Men, pa sòti al goumen ak moun lòt nasyon yo anvan nou tounen.

20Yo bay Simon twamil (3.000) sòlda pou mache sou peyi Galile, yo bay Jida witmil (8.000) sòlda pou mache sou peyi Galarad.

21Se konsa Simon ale nan peyi Galile, se pa de batay li pa batay ak moun lòt nasyon yo. Li bat yo byen bat, yo kouri met deyò pou li.

22Li kouri dèyè yo jouk devan pòtay lavil Toleme. Moun lòt nasyon yo pèdi twamil (3.000) gason konsa nan batay la. Simon ranmase tou sa yo te genyen.

23Li pran jwif ki te rete nan peyi Galile ak nan zòn Abata a ansanm ak madanm yo, pitit yo ak tou sa yo te genyen, li mennen yo avè l nan peyi Jide. Se te gwo fèt pou tout moun.

24Jida Makabe menm bò pa li ansanm ak Jonatan, frè l la, janbe lòt bò larivyè Jouden, yo mache twa jou nan dezè a.

25Yo kontre kèk nabateyen ki resevwa yo an zanmi, epi ki rakonte yo tou sa ki rive jwif parèy yo nan peyi Galarad.

26Yo fè yo konnen jan te gen anpil jwif ki te fèmen lavil Bosra, lavil Bòzò, lavil Alema, lavil Chasfo, lavil Makèd ak lavil Manayim. Tout lavil sa yo te gwo ak miray ranpa pou pwoteje yo.

27Yo fè yo konnen tou jan te gen jwif toujou ki te fèmen nan lòt lavil nan peyi Galarad, ak jan lènmi yo te pare pou atake nan denmen tout kote jwif yo te kache yo, avèk espwa yo ta kapab pran tout jwif ki te la yo pou yo te touye yo yon sèl jou a.

28Se konsa, Jida rete konsa li pati ak lame li a, li pran chemen nan dezè a ki mennen lavil Bosra. Li pran lavil la, li touye dènye gason li jwenn ladan l, li ranmase tou sa ki te nan lavil la, lèfini li mete dife ladan l.

29Menm jou lannuit sa a li pati, li mache jouk li rive bò gwo fò Datema a.

30Lè bajou kase, Jida ak lame li a wè yon foul moun yo pa ka konte ki te gentan ap atake gwo fò a. Yo t'ap mete nechèl sou miray yo, yo tap fè manèv ak machin lagè yo pou pran lavil la.

31Lè Jida wè lènmi te deja ap atake, lè li tande gwo bri, rèl ak kout klewon ki t'ap sòti nan lavil la,

32li di mesye lame li yo konsa:

— Annou goumen jòdi a pou jwif frè parèy nou yo!

33Li separe lame li a fè twa batayon, epi li fè yo al atake lènmi a sou dèyè. Antan y'ap mache sou yo, yo t'ap kònen twonpèt, yo t'ap lapriyè rele Bondye byen fò.

34Lè lame Timote a wè se Jida Makabe ki t'ap vin sou yo, yo pran kouri met deyò. Jida bat yo byen bat. Te gen witmil (8.000) moun konsa nan lame Timote a ki te mouri nan batay la jou sa a.

35Apre sa, Jida vire sou lavil Alema, l'al atake l. Li pran l, li touye dènye gason li jwenn ladan l, li ranmase tou sa ki te nan lavil la, lèfini li mete dife ladan l.

36Antan li la, li sòti al pran lavil Chasfo, lavil Makèd, lavil Bòzò ak lòt lavil nan peyi Galarad.

37Apre tout bagay sa yo, Timote reyini yon lòt lame ankò, li vin moute kan li anfas Rafon, lòt bò larivyè a.

38Jida voye kèk sòlda al gade sa k'ap pase nan kan an. Yo vin di li jan tout moun lòt nasyon ki nan zòn lan te al jwenn Timote, yo fè yon sèl gwo lame anba lòd li.

39Timote menm te achte sèvis kèk arab pou vin goumen pou li. Yo tout te moute kan yo lòt bò larivyè a, yo te pare pou yo atake. Se konsa Jida sòti al kontre yo.

40Antan Jida ak lame li a t'ap pwoche bò larivyè a, Timote di ofisye lame li yo konsa:

— Si li gentan janbe pas dlo a anvan nou pou l mache sou nou, nou pap ka kenbe tèt avè l, paske l'ap gen avantaj sou nou.

41Men, si li pè, lèfini li rete lòt bò larivyè a, n'ap janbe al atake l. Lè sa a n'ap kraze l.

42Lè Jida rive devan larivyè a, li bay sekretè lame yo lòd pou yo rete la pou yo pa kite pèsonn moute tant yo, se pou yo fè tout moun mache al goumen.

43Premye moun ki janbe larivyè a epi ki pran mache sou lènmi yo se te Jida. Tout pèp la swiv li. Moun lòt nasyon yo vole gagè, yo jete zam yo, yo kouri al kache nan tanp lavil Kanayim lan.

44Jwif yo pran lavil la, apre sa yo boule tanp lan ak tout moun ki te ladan l. Se konsa jwif yo te kraze lavil Kanayim. Depi lò sa a, moun lòt nasyon yo pat ka kenbe tèt ak Jida.

45Jida sanble tout jwif ki te nan peyi Galarad la, depi malere yo jouk grannèg yo, ansanm ak madanm yo ak pitit yo, ak tou sa yo genyen. Se te yon gwo foul moun ki te pran chemen peyi Jida a pou yo.

46Sou wout yo, yo rive Efwon, yon gwo lavil ki te gen gwo miray ranpa. Pat gen mwayen pase sou kote li, ni sou bò dwat ni sou bò gòch. Se nan mitan lavil la menm wout la te pase.

47Men, moun lavil Efwon yo pat vle kite yo pase, yo bloke pòtay lavil yo ak wòch.

48Lè sa a, Jida voye yon mesay zanmi ba yo. Li di yo konsa:

— Tanpri, kite nou pase nan peyi a pou n'al lakay nou. Pèsonn pap fè nou anyen. Se pase sèlman n'ap pase.

Men, yo derefize louvri pòtay yo.

49Lè Jida wè sa, li bay lòd pou tout moun ki pa sòlda rete kote yo te ye a.

50Vanyan sòlda yo menm pran pozisyon pou yo atake. Lè Jida bay lòd atake a, yo pase tout jounen an ak tout lannuit lan ap goumen jouk yo antre pran lavil la.

51Jida fè yo touye tout gason ki te lavil la, li fè yo kraze lavil la ratè, li pran tou sa ki te ladan l. Apre sa, li fè tout moun li yo travèse lavil la sou kadav moun yo.

52Jwif yo janbe lòt bò larivyè Jouden, yo antre nan gwo plenn ki anfas lavil Bèt-Chean an.

53Sou tout wout la, Jida t'ap soutni moun ki t'ap trennen yo, li tap ankouraje pèp la jouk yo rive nan peyi Jide.

54Moun yo te kontan, yo t'ap fè fèt lè yo t'ap moute mòn Siyon an. Yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, paske yo te tounen lakay yo ak kè poze san yo pat pèdi yon moun.

Lagè nan peyi Idime ak nan peyi Filisti(2 Makabe 12.32-45)

55Men, antan Jida ak Jonatan te nan peyi Galarad yon bò ak Simon, frè l la, nan peyi Galile devan lavil Tolemayis yon lòt bò,

56Jozèf, pitit gason Zakari a, ak Azaryas, chèf lame yo te kite nan peyi Jide a, pran nouvèl bèl mèvèy mesye sa yo t'ap fè ak jan yo te goumen rèd mare.

57Lè sa a, yonn di lòt:

— Ann al goumen ak moun lòt nasyon ki bò kote nou yo. Konsa, moun va nonmen non nou tou.

58Se konsa, yo bay sòlda ki te anba kòmandman yo lòd pati, epi yo mache sou lavil Jamnya.

59Jòjyas sòti lavil la ansanm ak sòlda pa l yo pou l goumen ak yo.

60Li fè Jozèf ak Azaryas kouri met deyò. Li kouri dèyè yo rive jouk sou fontyè peyi Jide. Jou sa a, te gen demil (2.000) moun konsa ki mouri nan pèp Izrayèl la.

61Se te yon gwo lafliksyon nan mitan pèp la. Tou sa, paske yo pa te koute Jida ak frè l yo, yo te mete nan tèt yo yo te kapab fè moun wè yo menm tou yo te vanyan gason.

62Tansèlman, yo pat fè pati ras moun Bondye te chwazi pou bay pèp Izrayèl la delivrans li.

63Men, tout moun nan peyi Izrayèl la ak nan lòt nasyon yo t'ap nonmen non Jida, gason kanson, ak non frè l yo. Yo te gen gwo respè pou yo.

64Kote yo pase foul moun t'ap kouri bò kote yo ap bat bravo.

65Jida ak frè l yo al fè lagè ak moun Ezayi yo nan zòn sid la. Li atake Ebwon ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, li pran yo, li kraze fò yo, li mete dife nan fò won miray ranpa yo.

66Apre sa, yo leve kan yo, yo pati pou peyi moun Filisti yo, yo pase lavil Marisa.

67Jou sa a, anpil prèt te mouri nan batay la paske, sòt yo ye, yo t'al goumen tou paske yo te vle fè moun wè jan yo te vanyan sòlda tou.

68Apre sa, Jida vire sou lavil Azòtòs nan peyi Filisti a, li kraze lotèl yo, li boule estati zidòl yo, li piye lavil yo byen piye, lèfini li tounen tounen l nan peyi Jide.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help