1(2) Ala Sòm 27.12 bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo!
Senyè a va delivre l lè l'a nan tray.
2(3) Senyè a va pwoteje l, li p'ap kite l mouri.
L'ap fè l viv ak kè kontan sou latè,
li p'ap lage l nan men lènmi l yo
pou yo fè sa yo vle avè l.
3(4) Senyè a Sòm 6.2; 147.3 va ba l fòs lè maladi fè l pran kabann.
Senyè a va ba l gerizon lè li malad kouche.
4(5) Mwen menm, mwen te di: Senyè, gen pitye pou mwen.
Geri mwen, paske mwen te peche kont ou.
5(6) Lènmi m Sòm 12.2; 144.8 yo ap pale m mal. Y'ap di:
Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l?
6(7) Moun ki vin wè m yo, se yon bann ipokrit.
Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl.
Sòti yo sòti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou.
7(8) Tout moun ki pa vle wè m yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen.
Yo kwè m fini, nanpwen renmèd pou mwen.
Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen.
8(9) Y'ap 2 Sam 15.12; Sòm 55.12,13; Jer 20.10; Abd 7; Mak 14.18; Jan 13.18 di: Mesye kondannen.
Kote l kouche a, nanpwen leve pou li ankò.
9(10) Ata pi bon zanmi m lan,
moun mwen te fè konfyans anpil la,
moun ki te konn manje nan menm plat avè m lan,
ata li menm, li trayi m.
10(11) Men 2 Sam 15.25,26 ou menm, Senyè, gen pitye pou mwen.
Mete m sou de pye m ankò, pou m ka ba yo sa yo merite.
11(12) M'a Jòb 36.7; Sòm 63.8 konnen ou kontan avè m vre
si m wè lènmi m yo pa banboche sou do m.
12(13) Wi, Sòm 72.18; 106.48; Lik 1.68 w'ap soutni m, paske mwen pa fè anyen ki mal.
W'ap fè m kanpe la devan ou pou tout tan.
13(14) Ann fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Ann fè lwanj li pou tout tan.
Amèn! Se vre!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.