Ezayi 64 - 1998 Haitian Creole

1Si ou te ka fann syèl la desann! Mòn yo Sòm 144.5; Mi 1.4 ta annik wè ou, yo ta pran tranble.

2Yo Joz 2.9,10 tta fini tankou bwa anba dife, tankou dlo k'ap bouyi. Lènmi ou yo ta konnen ki moun ou ye. Wi, tout nasyon yo ta pran tranble devan ou!

3Yon Egz 14.13; 15.11 lè, ou te desann, ou te fè yon bann bagay nou pa t'ap tann, bagay ki fè moun pè: mòn yo te wè sa, yo te pran tranble.

4Pèsonn Sòm 31.19; 1 Kor 2.9 pa janm wè ni yo pa janm tande yon Bondye tankou ou ki ka fè tou sa pou moun ki met espwa yo nan li.

5Men, ou louvri bra ou pou ou resevwa moun ki te kontan mache dwat devan ou yo, moun ki te mache nan chemen ou mete devan yo epi ki pa janm bliye ou yo. Men, ou te move dèske nou pat sispann fè sa ki mal. Sa lakòz n'ap soufri jouk jou w'a vin delivre nou.

6Nou Sòm 90.5,6 tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote.

7Pèsonn Oze 7.7 pa lapriyè ou ankò! Pèsonn pa chonje reve vin mande ou sekou. Ou vire do ban nou. Ou lage nou, ou kite peche nou yo fini ak nou.

8Men, Eza 45.11; 63.16; Wòm 9.20,21 Senyè, se ou ki papa nou. Se tè ajil pou fè krich nou ye. Se ou menm ki ban nou fòm. Se ou menm ki fè nou ak men ou.

9Tanpri, Sòm 74.1,2; 79.8; Eza 57.16 Senyè, pa fache tout fache sa a ak nou ankò. Pa gade sou krim nou yo. Se pèp pa ou la menm nou ye. Tanpri, pitye pou nou!

10Lavil Ney 1.3; 2.3 yo mete apa pou ou yo rete san moun ladan yo. Mòn Siyon an tankou yon dezè. Lavil Jerizalèm tounen yon savann.

11Tanp 2 Wa 25.9; Aje 1.9; 2.3 nou an, bèl kay yo te mete apa pou ou a, kay kote tout zansèt nou yo t'ap fè lwanj ou a, dife fin boule sa. Tout bèl kote nou te renmen yo fin kraze.

12Senyè, Zak 1.12 tou sa pa di ou anyen? Ou p'ap fè anyen pou nou? Ou pral kite nou soufri jouk nou p'ap kapab ankò?

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help