Jij 1 - 1998 Haitian Creole

Moun fanmi Jida yo ak moun fanmi Simeyon yo fè Adonibezèk, wa Kanaran an, prizonye

1Apre Jozye mouri, pèp Izrayèl la mande poukisa li pa mande papa l yon bon jaden. Aksa al jwenn Kalèb. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l:

— Sa k gengenn, pitit mwen?

15Aksa reponn:

— Mwen vin mande ou yon favè. Se ou menm ki voye m al viv nan dezè Negèv la, se pou ou ban m kote pou m pran dlo tou.

Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba Negèv la.

Jida ak Benjamen pran lavil Zefa

16Moun lavil Gaza ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Askalon ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Ekwon ak tout zòn ki sou zòd li.

19Senyè a Joz 17.16,18; Jij 1.9 te kanpe ak moun Jida yo. Li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men yo pa te kapab mete moun ki nan plenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt ak fè.

20Jan Det 1.36; Joz 14.9,13; Jij 1.10 Moyiz te bay lòd la, yo pran lavil Ebwon bay Kalèb. Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la.

21Men, Joz 15.63; Jij 1.8 moun branch fanmi Benjamen yo pat mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a.

Moun Jozèf yo pran lavil Betèl

22Moun de branch fanmi Jozèf yo moute al atake lavil Betèl ki te rele Louz anvan sa. Senyè a te kanpe avèk yo tou.

23Yo Jen 28.19; 48.3; Joz 16.2 te voye kèk moun ankachèt al espyonnen lavil la.

24Moun Joz 2.12,14; 6.23 yo te voye yo kontre yon nonm ki t'ap sòti lavil la. Yo di l konsa:

— Moutre nou ki jan moun ka antre nan lavil la. Nou pwomèt ou nou p'ap fè ou anyen.

25Se konsa nonm lan moutre yo ki jan pou yo antre nan lavil la. Yo touye tout moun ki te nan lavil la, esèpte nonm lan ansanm ak tout fanmi l.

26Apre Joz 1.4 sa, nonm lan pati ale nan peyi moun Et yo. Li bati yon lavil laba a, li rele l Louz. Se konsa yo rele lavil la jouk jòdi a.

Manase ak Benjamen pran pòsyon tè pa yo

27Moun Joz 17.11-13 branch fanmi Manase yo pat rive mete tout moun deyò nan lavil Bèt-Chean, nan lavil Tanak, nan lavil Dò, nan lavil Jibleyam, nan lavil Megibo ak nan tout ti bouk ki te sou kont yo. Konsa, moun Kanaran yo te toujou ap viv nan peyi a.

28Lè moun Izrayèl yo te vin pi fò, yo fòse moun Kanaran yo travay pou yo, men, yo pa janm mete yo deyò.

29Moun Joz 16.10; 1 Wa 9.16 branch fanmi Efrayim yo tou pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Gezè. Se konsa, moun Kanaran yo rete viv la ansanm ak yo.

30Moun Joz 19.15; 21.35 branch fanmi Zabilon yo pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Kitwon ak nan lavil Naalòl. Moun Kanaran yo te rete viv ansanm ak yo, men yo te blije travay pou moun Zabilon yo.

31Moun Joz 19.24-30 branch fanmi Asè yo pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Sidon, lavil Alad, lavil Agzid, lavil Elba, lavil Afik ak lavil Reyòb.

32Se konsa, moun Asè yo t'ap viv ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a, paske yo pat mete yo deyò.

33Moun Joz 19.38 branch fanmi Nèftali yo pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Bèt-Chemèch, ni nan lavil Bèt-Anat. Yo te rete ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a. Men, moun lavil Bèt-Chemèch ak moun lavil Bèt-Anat yo te blije travay pou yo.

34Moun Joz 19.47,48; Jij 18.1 Amori yo menm te kwense moun fanmi Dann yo nan mòn yo. Yo pat kite yo desann nan plenn lan menm.

35Se Joz 19.42 konsa, moun Amori yo rete rete yo nan mòn Erès, nan lavil Ayalon ak nan lavil Chalbim. Men, lè moun fanmi Jozèf yo rive donminen sou yo, yo fè yo travay pou yo.

36Fontyè peyi moun Amori yo te konmanse depi pas Eskòpyon yo, moute rive gwo Wòch.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help