1Jezi di yo:
— Pa Men, depi kounyeya nou konnen l, nou wè l tou.
8Filip di l konsa:
— Senyè, moutre nou Papa a. Se sa ase nou bezwen.
9Jezi Jan 12.45; Eb 1.3; Mat 17.17 reponn li:
— Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m toujou? Moun ki wè m, li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m Papa a?
10Gen Jan 12.49 lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo sòti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li.
11Se Jan 14.20; Jan 10.25,38 pou nou kwè m lè m di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a.
12Sa Mak 16.19,20 m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l fè tou sa m'ap fè a. L'a menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a.
13Tou Jan 15.7; Mak 11.24; 1 Jan 5.14 sa n'a mande nan non mwen, m'a fè l' pou nou pou Pitit la ka wè pouvwa Papa a.
14(Nenpòt Jan 16.23,24 kisa n'a mande nan non m, m'a fè l pou nou.)
Jezi pwomèt Sentespri a15— Si Jan 15.10; 1 Jan 5.3 nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo.
16Mwen Jan 14.26; 15.26; 16.7; 1 Jan 2.1 menm, m'ap mande Papa a ban nou yon lòt pwotektè dekwa pou li toujou la avèk nou.
17Se Jan 7.39; 16.13; Mat 10.20; Wòm 8.26 Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou.
18— Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.
19Anvan Jan 16.16 lontan ankò, lemonn p'ap wè m, men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv.
20Lè Jan 17.21-23 jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou.
21— Moun 2 Kor 3.18; 1 Jan 5.3 ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen.
22Jid Tra 10.41 (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa:
— Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou?
23Jezi Jan 13.34; 14.21; Pwo 8.17; Mat 18.20; 28.20; Ef 3.17; 2 Kor 6.16 reponn li:
— Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li.
24Moun Jan 7.16; 1 Jan 2.5 ki pa renmen m, li p'ap fè tou sa m di l fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo sòti, men se nan Papa m ki voye m lan yo sòti.
25— Mwen di nou tou sa antan m la ankò avèk nou.
26Men Jan 14.16; Mat 10.19 pwotektè a, Sentespri Papa mwen ap voye nan non mwen an, se li menm ki va anseye nou tout bagay. Epi l'a fè nou sonje tou sa mwen te di nou yo.
27— M'ap Jan 14.1; 16.13; Fil 4.7 ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.
28Nou Jan 14.3,6,18; Lik 24.52 tande m di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen.
29Mwen Jan 13.19 tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè.
30Mwen Jan 12.31; Ef 2.2 p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen.
31Men, Jan 10.18; Mat 26.46; Mak 14.42 se pou lemonn antye konnen mwen renmen Papa m'. Epi m'ap aji dapre lòd Papa m'pase m'. Wi, annou leve, ann soti la a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.