1Lè yo fin antann yo, yo siyen papye epi Liziyas tounen bò kote wa a, jwif yo menm tounen nan jaden yo.
2Men, nan chèf lame ki te nan zòn lan te gen Timote, Apoloniyis, pitit gason Jenayis la, Yewonimis ak Demofon ansanm ak Nikanò, chèf sòlda lavil Chip ki t'ap sèvi pou lajan nan lame wa a. Mesye sa yo pa te sòti pou yo kite jwif yo viv nan lapè ak kè poze.
3Lè sa a, moun lavil Jope yo fè yon kokennchenn krim sou jwif yo. Yo envite tout jwif ki te rete nan lavil la pou yo anbake ansanm ak madanm yo ak tout pitit yo sou batiman yo te pare pou yo tankou si yo te bon zanmi ak yo.
4Se tout lavil la nèt ki te pase yon lòd piblik pou sa. Konsa, jwif yo pa te sispèk anyen, yo asepte envitasyon an paske yo pa te vle nan kont ak moun yo. Men, lè batiman yo rive nan fon lanmè moun lavil Jope yo koule yo. Se konsa de-san (200) jwif pou piti nan sa ki te ale yo mouri.
5Lè Jida Makabe pran nouvèl mechanste moun sa yo te fè jwif parèy li yo, lamenm li bay sòlda li yo lòd pou yo pare kò yo.
6Lè li fin lapriyè Bondye ki jije san patipri a, yo mache sou ansasen frè yo. Yo pwofite lannuit, yo mete dife nan pò a, yo boule tout batiman yo, epi yo touye dènye moun ki te al kache nan pò a.
7Pòtay lavil yo te fèmen, se konsa Jida al fè wout li. Men, li te fè lide tounen yon lòt fwa pou l te disparèt tout moun lavil Jope yo.
8Apre sa, Jida Makabe vin konnen moun lavil Jamnya yo te fè lide touye jwif ki rete nan lavil yo a menm jan an tou.
9Lannwit li atake lavil Jamnya, li mete dife nan pò a ak nan batiman ki te la yo. Jouk lavil Jerizalèm ki te distans trant mil (osinon 48 kilomèt) konsa ak lavil Jamnya a, moun te ka wè flanm dife a.
Jida Makabe nan peyi Galarad(1 Makabe 5.9-54)10Sòti Jamnya, Jida ak moun pa l yo pran mache sou Timote. Yo te deja kite lavil Jamnya yon bon de kilomèt dèyè konsa lè yon gwoup moun peyi Arabi ki te gen senkmil (5.000) sòlda apye pou pi piti ak senksan (500) kavalye fè yon atak sou yo.
11Batay la te rèd anpil. Men, avèk lasistans Bondye, Jida ak moun pa l yo te genyen batay la. Moun Arabi sa yo se grenn pwonmennen nan dezè a yo ye. Jida bat yo byen bat. Lè sa a moun Arabi yo mande Jida pou li siyen yon kontra zanmitay ak yo. Lèfini, yo pwomèt y'ap ba li bèf, kabrit, mouton ak tout lòt kalite lasistans pèp jwif la ta ka bezwen.
12Jida vin konprann moun sa yo ta ka itil li anpil jan vre. Se konsa li konsanti fè lapè ak yo. Lè yo fin bay lanmen zanmitay, moun Arabi yo vire do yo al anba tant yo.
13Jida atake lavil Kaspen tou. Se te yon lavil ak miray ranpa ki te chaje ak zam. Se yon melanj moun tout lòt nasyon yo ki te rete la.
14Moun sa yo te gen konfyans nan fòs kouray miray yo ak nan gwo depo pwovizyon yo te genyen. Antan yo te fèmen anndan lavil la, yo pa te manke joure Jida ansanm ak moun pa l yo. Yo di yo gwo betiz sal. Mete sou jouman sa yo, yo t'ap derespekte Bondye, yo t'ap pale l mal kont kò yo.
15Men, jwif yo lapriyè nan pye Bondye ki sèl gwo chèf tout bagay nèt ale a, li menm ki sou reny Jozye te kraze miray ranpa lavil Jeriko yo san gwo poto pou defonse pòtay, ni machin lagè. Lèfini, yo atake miray lavil Kaspen yo ak raj.
16Se te volonte Bondye pou yo te pran lavil la. Pa gen bouch pou pale sou kantite moun yo te touye. Yo sitèlman touye moun, letan nan vwazinay la ki gen katsan (400) mèt lajè konsa, te parèt nan je moun tankou si li te plen debòde ak san ki te koule ladan l.
Jida kraze lame Timote a(1 Makabe 5.37-44)17Sòti lavil Kaspen, Jida ak moun pa l yo mache yon distans sankarant (140) kilomèt konsa, jouk yo rive Charaks kote yon gwoup jwif yo rele Toubyen rete.
18Men, yo pa jwenn Timote la. Li te gentan kite zòn lan san li pa fè anyen. Tansèlman li te kite yon sèl gwo ganizon sòlda yon kote.
19Dositè ak Sosipatè, de jeneral nan lame Jida Makabe a, ale kote ganizon an te ye a. Yo touye tout dimil (10.000) sòlda ki te nan ganizon an.
20Jida Makabe menm bò pa li separe lame li a fè plizyè divizyon, li mete yon chèf alatèt chak divizyon, epi li kouri pati dèyè Timote. Lame Timote a te gen sanvenmil (120.000) sòlda apye ak demilsenksan (2.500) kavalye.
21Lè Timote vin konnen Jida t'ap pwoche sou li, li voye medanm yo ansanm ak timoun yo devan ak tout bagay yo te genyen lavil Kanayim, paske kote lavil la te ye a se nan yon bann fant mòn tou jis pou pase pou rive ladan l, kifè se pa te bagay fasil pou yon lènmi ta rive la jouk pou li ta sènen l.
22Men, lè premye divizyon lame Jida a parèt, yon sèl lapèrèz ak boulvès pran lènmi yo lè Bondye ki wè tout bagay la parèt devan je yo nan yon vizyon. Nan kouri met deyò yo gaye toupatou, kifè yonn t'ap blese lòt, yonn t'ap fann lòt ak nepe yo.
23Jida ak mesye l yo leve pye yo pou yo rapousib lènmi yo ak fòs kouray. Se konsa li touye trantmil (30.000) nan kriminèl sa yo pou pi piti ak nepe li.
24Timote menm te tonbe nan men sòlda Dositè ak Sosipatè yo. Men, ak entelijans li, li pran tèt yo pou yo kite l ale san yo pa fè l anyen. Li fè yo konprann te gen anpil nan papa yo, manman yo ak frè yo ki te prizonye nan men l, yo ta ka pa janm tande nouvèl yo ankò.
25Li fè yo pwomès, li pran angajman l'ap voye fanmi yo tounen lakay yo san anyen pa rive yo. Li pale ak yo jouk yo kite l ale pou yo te ka sove fanmi yo.
Jida ap fè lagè toujou(1 Makabe 5.45-54)26Apre sa, Jida mache sou lavil Kanayim ak sou tanp Atagatis, bondye fanm lan. Li touye vennsenkmil (25.000) moun la.
27Apre li fin gen batay sa a, apre li fin kraze kote sa yo, Jida mache ak lame li a sou lavil Efwon, yon lavil ak gwo miray ranpa kote Liziyas ak moun tout kalite nasyon t'ap viv. Jenngason grannèg pran pozisyon sou devan miray yo, yo t'ap goumen ak fòs kouray. Anndan lavil la menm te gen kantite machin lagè ak anpil zam sere.
28Men, jwif yo lapriyè Bondye ki sèl chèf la, Bondye ki kraze fòs lènmi yo ak pouvwa li a. Se konsa yo pran lavil la pou yo, yo touye plat atè vennsenkmil (25.000) nan moun ki te nan lavil la.
29Sòti lavil Efwon, yo mache sou lavil Eskitopolis ki te yon distans sandis (110) kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm sou bò nò.
30Men, jwif ki te rete la yo di Jida jan moun lavil yo te aji byen ak yo, jan yo te resevwa yo byen lè sa pa te bon pou jwif yo.
31Se konsa Jida ak moun pa l yo di moun lavil yo yon gwo mèsi, epi li ankouraje yo pou yo toujou aji byen ak jwif yo apre sa.
Yo tounen lavil Jerizalèm bon lè pou yo fete fèt Senmenn yo.
Jida bat Jòjyas32Apre fèt Lapannkòt la, Jida ak moun pa l yo mache sou Jòjyas, chèf lame nan peyi Idime a.
33Jòjyas sòti vin kontre ak yo. Li te gen twamil (3.000) sòlda apye ak katsan (400) kavalye).
34Lè batay la marye, gen kèk jwif ki mouri.
35Men, Dositè, yon kavalye jwif moun lavil Toubi, ki te grannèg anpil mete men sou Jòjyas, li kite l nan gwo manto ki te sou li a, epi li konmanse trennen l ale ak fòs. Li te fè lide pran vakabon an tou vivan. Yonn nan kavalye peyi Tras yo kouri sou Dositè, epi li koupe ponyèt li. Se konsa Jòjyas chape, li kouri ale lavil Marisa.
36Esdriyas ak sòlda li yo t'ap goumen depi lontan, yo te bouke anpil. Jida rele Granmèt la, li mande l pou l fè wè si li avè yo, si se li menm k'ap mennen batay la.
37Epi li pran chante nan lang manman li pou ankouraje jwif yo nan batay la. Se konsa jwif yo fè yon va sou lame Jòjyas la, yo fè yo kouri met deyò.
Lapriyè pou moun ki mouri nan lagè yo38Jida reyini tout lame a ansanm, li mennen yo lavil Adoula. Se te lavèy jou repo a. Konsa, yo mete tèt yo nan kondisyon pou yo fè sèvis pou Granmèt la, jan jwif yo toujou fè l la, epi yo fete jou repo a la.
39Nan denmen yo pati, y'al ranmase kadav moun ki te mouri nan lagè yo pou yo te ka al antere yo ak fanmi yo nan kavo zansèt yo, paske yo pa te ka kite yo pi lontan atè a.
40Men, sou chak kadav yo jwenn anba chemiz yo ti pòtre zidòl Jamnya yo, bagay lalwa Moyiz la pa vle jwif yo pote sou yo. Se konsa, tout moun vin konprann poukisa moun sa yo te mouri nan lagè a.
41Lè sa a, yo pran fè lwanj Granmèt la pou sa li te fè a, li menm jij ki jije san patipri a epi ki mete deyò aklè sa ki kache.
42Yo lapriyè apre sa nan pye Bondye pou mande l pou li efase peche sa a nèt. Jida, vanyan sòlda a, mande pèp la pou yo pa fè ankenn peche, paske yo te wè ak je yo sa ki te rive moun ki te fè peche yo.
43Lè li fini, li ranmase yon lajan nan men chak moun li yo, lajan ki te rive antou demil (2.000) pyès lajan, epi li voye li lavil Jerizalèm pou yo fè yon ofrann pou mande Bondye padon. Sa l te fè la a te yon bèl bagay ki dakò ak kwayans moun yo ki te kwè yon lè mò yo gen pou yo leve vivan ankò.
44Paske si li pa te kwè moun mouri yo gen pou yo leve yon jou, se ta lajan jete, se ta bagay moun fou pou li ta lapriyè pou mò yo.
45Men se te yon bon lide li te gen la a avèk konviksyon li t'ap sèvi Bondye tout bon, paske li te konnen Bondye te sere yon bèl rekonpans pou moun ki mouri nan sèvis li. Se poutèt sa li te fè fè ofrann pou mande padon pou mò yo, pou yo te ka delivre anba peche yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.