Jak 1 - 1998 Haitian Creole

Salitasyon

1Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Senyè nou 1 Pyè 1.1; Tra 15.23 an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout.

Bon konprann Bondye bay la

2Frè m Wòm 5.3-5; 1 Pyè 1.6 yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv.

3Paske, 1 Pyè 1.7 nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans.

4Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.

5Si Pwo 2.3-6 yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

6Men, Mak 11.24 se pou li mande ak konfyans, san l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.

7Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Senyè a.

8Se yon moun ki pa konn sa li vle. Li toujou anbalan nan tout sa li antreprann.

Moun pòv ak moun rich

9Se Jak 2.5 pou frè ki pa anyen an santi li fyè lè Bondye leve li atè a.

10Konsa 1 Pyè 1.24 tou, yon frè ki rich dwe santi li kontan tou lè Bondye rabese li. Paske moun rich gen pou pase tankou flè zèb raje.

11Solèy Eza 40.6,7 la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l disparèt pandan tout kòmès li ap mache.

Eprèv ak tantasyon

12Benediksyon Da 12.12; 2 Tim 4.8; 1 Pyè 5.4; 1 Kor 9.25; Rev 2.10 pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè l'a fin pase anba eprèv yo, l'a resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo.

13Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè li anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske Bondye pa janm tante fè sa ki mal. Konsa tou, Bondye pa ka tante pesonn pou fè li fè sa ki mal.

14Men, Wòm 7.7-10 lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l, k'ap pouse li.

15Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò.

16Frè mwen renmen anpil yo, pa twonpe tèt nou sou bagay sa a.

17Tout 1 Jan 1.5; Mat 7.11 pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo sòti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.

18Gremesi Jan 1.13; 1 Pyè 1.23 pawòl verite a, li ban nou lavi jan l te vle l la, pou nou kapab gen premye plas nan tou sa li kreye.

Fè sa pawòl Bondye mande nou fè

19Frè Ekl 7.9 mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou sonje: chak moun dwe toujou atantif pou koute. Men, pa kouri pale, ni prese fè kòlè.

20Paske, Ef 4.26 kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye.

21Se Kol 3.8; 1 Pyè 2.1 poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou.

22Se Mat 7.26; Wòm 2.13 pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe.

23Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l fè, li tankou yon moun ki gade figi l nan yon glas.

24Men, kou l vire do l ale, lamenm li bliye kisa li sanble.

25Men, Jak 2.12; Wòm 8.2; Jan 13.17 moun ki fikse je l sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy sòti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l'ap fè a.

26Si Sòm 34.13 yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen.

27Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a si nou vle sèvi li yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: Pote sekou bay òfelen san papa yo. Bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help