Sòm 98 - 1998 Haitian Creole

SÒM 98 (97)Bondye ap jije tout moun sou latè(1a) Se Egz 15.6; Sòm 33.3; 96.3; Eza 59.16; Lik 1.51 yon sòm.

1(1b) Chante yon chante tou nèf pou Senyè a,

paske li pa manke fè bèl bagay.

Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa,

se ak yo li te genyen batay la.

2Senyè a Eza 52.10; 62.2; Lik 2.30,31; Wòm 3.25,26 te fè wè jan l delivre nou.

Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras.

3Li Det 4.31; Eza 49.6; Lik 1.54,72; 3.6 te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo,

jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo.

Moun toupatou sou latè te wè

jan Bondye nou an ap delivre nou.

4Nou Sòm 66.1; Eza 44.23 tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Senyè a tèlman nou kontan!

Rele! Fè fèt! Chante!

5Chante pou Senyè a avèk gita!

Avèk gita, chante kantik!

6Soufle Nonb 10.10; 1 Kwo 15.28 klewon, kònen lanbi!

Rele devan Senyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa.

7Se Sòm 24.1; 96.11 pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l pran fè bri sitèlman yo kontan.

Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante.

8Se Sòm 89.12; Eza 55.12 pou larivyè yo pran bat men yo.

Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan.

9Paske, Sòm 96.13 l'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè!

L'ap jije tout moun san patipri.

L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help