Revelasyon 10 - 1998 Haitian Creole

Zanj lan ak ti liv la

1Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te grannèg Rev 4.3; 5.2 anpil desann sòti nan syèl la. Li te vlope nan yon gwo nyaj ak yon lakansyèl kouwonnen tout tèt li. Figi l te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife.

2Li te kenbe yon ti liv louvri nan men li. Li mete pye dwat li sou lanmè, pye gòch li sou tè fèm.

3Li Jer 25.30; Oze 11.10; Am 1.2 pran rele byen fò tankou yon lyon k'ap gwonde. Lè li fin rele, sèt loray yo pran gwonde reponn li.

4Fini Da 8.26; 12.4,9 yo fin pale, mwen ta pral ekri sa yo te di a, lè m tande yon vwa nan syèl la ki di m konsa:

— Sa sèt loray yo sot di a, se yon sekrè pou ou kenbe. Pa ekri li.

5Apre Det 32.40 sa, zanj mwen te wè kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan leve men dwat li nan syèl.

6Li Jen 14.19,22; Ney 9.6; Egz 20.11; Sòm 146.6; Rev 6.11; Da 12.7 fè sèman sou non Bondye k'ap viv pou tout tan an, Bondye ki fè syèl la ak tou sa ki ladan l, tè a ak tou sa ki ladan li, ansanm ak lanmè a ak tou sa ki ladan li. Zanj lan di:

— Yo p'ap bay dèle ankò.

7Men Am 3.7; Da 9.6,10; Zak 1.6; Tra 3.21; Rev 11.15; 17.17 lè setyèm zanj lan va pran kònen klewon l lan, Bondye pral fè sa li gen pou l fè dapre plan travay li te kenbe sere nan tèt li a, jan l te fè pwofèt ki t'ap sèvi l yo konn sa.

8Apre sa, vwa mwen te tande sot nan syèl la pran pale avè m ankò. Li di mwen konsa:

— Ale pran ti liv ki louvri nan men zanj ki kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan.

9Mwen Eze 2.8; 3.1-3 pwoche bò kote zanj lan. Mwen mande l pou l ban m ti liv la. Li di mwen konsa.

— Men li, pran l, manje li. L'ap gen yon gou anmè nan lestonmak ou. Men, nan bouch ou l'ap dous tankou siwo myèl.

10Mwen pran ti liv la nan men li. Mwen manje l, li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen. Men, lè m vale l, li te anmè kou fyèl nan lestonmak mwen.

11Apre Jer 1.10; 25.30; Da 3.4; 7.14 sa, yo di mwen:

— Se pou ou fè konnen mesay Bondye a ankò, mesay ki pale sou anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help