Tobi 14 - 1998 Haitian Creole

1Se konsa Tobi fini chante li t'ap chante pou di Bondye mèsi a.

Tobi mouri

2Tobi mouri ak kè poze. Li te gen sandouzan (112 an). Yo fè gwo lantèman pou li lavil Niniv. Lè li te vin avèg la, li te gen swasanndezan. Depi lè li te geri a li t'ap viv alèz, li te toujou ap lonje men bay pòv, li pa te janm sispann fè lwanj Bondye, li te toujou ap fè konnen jan Bondye gen pouvwa.

3Lè li santi li ta pral mouri, li fè rele Tobiyas, pitit gason l lan, li ba li lòd sa yo:

— Pitit mwen, pran pitit ou yo,

4chape kò ou ale nan peyi Medi, paske mwen kwè nan mesay Bondye pwofèt Nawoum te bay sou lavil Niniv la. Tou sa pwofèt Bondye a te voye di pèp Izrayèl la sou peyi Lasiri ak sou lavil Niniv la pral rive vre. Tout bagay pral pase jan yo te di l la. Pa gen anyen nan mesay yo ki p'ap rive vre. Chak bagay ap rive nan lè yo. L'ap pi fasil pou moun jwenn yon kote pou sere kò yo nan peyi Medi pase nan peyi Lasiri ak nan peyi Babilòn. Paske mwen menm, mwen konnen, lèfini mwen gen konfyans tou, sa Bondye te di gen pou rive a ap rive vre. Pa gen yonn nan pawòl pwofèt yo te di ki p'ap rive.

Yo pral gaye tout frè nou yo ki rete nan peyi Izrayèl la, grenn pa grenn. Y'ap depòte yo byen lwen bon peyi yo a. Tout tè peyi Izrayèl la pral tounen yon dezè. Lavil Samari ak lavil Jerizalèm pral rete san moun ladan yo. Kay Bondye a menm, dife pral boule l, l'ap rete san yon moun ladan l pou yon tan.

5Men, Bondye va gen pitye pou frè nou yo ankò, l'ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la. Y'a rebati kay Bondye a, atout li p'ap bèl tankou premye a. Men, yo gen pou yo tann lè dat Bondye te fikse a va rive. Lè tout moun yo te depòte yo va tounen, y'a rebati lavil Jerizalèm, y'ap fè l bèl ankò jan l te ye anvan an. Y'a moute kay Bondye a nan mitan l ankò, jan pwofèt pèp Izrayèl yo te di l la.

6Moun tout nasyon sou latè va tounen vin jwenn Bondye. Y'a sèvi l tankou sèl Bondye ki Bondye tout bon an. Yo tout pral voye fo bondye yo jete, zidòl ki t'ap fè yo pèdi chemen yo. Yo tout yo pral fè lwanj Bondye ki la pou tout tan an, yo pral mache dwat devan li.

7Lè sa a, Bondye va delivre tout moun nan pèp Izrayèl la ki te kenbe pye Bondye yo fèm. Yo tout va sanble lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, y'ap rete nan peyi Abraram lan san malè, san danje. Peyi a pral rele yo pa yo. Moun ki renmen Bondye ak tout kè yo pral kontan. Men moun k'ap fè sa ki mal yo, moun k'ap fè mechanste yo pral disparèt nan tout peyi a.

8Kounyeya, pitit mwen yo, men sa m'ap mande nou: Sèvi Bondye ak tout kè nou. Fè sa k'ap fè l plezi.

9Elve timoun nou yo pou yo konnen se pou yo mache dwat, se pou yo lonje men bay pòv, se pou yo toujou chonje Bondye pou yo fè lwanj li tout tan ak tout kè yo, ak tout fòs yo.

Ou menm, Tobiyas, pitit mwen, se pou ou kite lavil Niniv. Pa rete isit la. Fini w'a fin antere manman ou nan menm tonm avè m lan, menm jou sa a, fè pakèt ou pati. Pa menm rete pase yon nwit nan peyi sa a, pase mwen wè se malonèkte ak mechanste ase k'ap fèt sou moun san pèsonn pa wont.

10Pitit mwen, gade sa Nadab fè Ayika, tonton l ki te elve l tankou pwòp pitit li. Li te sòti pou touye l! Se kache Ayika te blije al kache nan twou anba tè. Men tou, Bondye fè kriminèl san wont lan peye pou bagay lèd li te fè a. Ayika wè limyè solèy leve ankò, men Nadab desann nan fènwa ki la pou tout tan an. Se konsa Bondye pini l pou sa l te vle fè Ayika a. Se paske Ayika te fè anpil byen kifè li chape anba pèlen lanmò Nadab te pare pou li a. Se Nadab menm ki pran ladan l epi ki mouri.

11Konsa, pitit mwen yo, nou wè sa ki rive moun ki lonje men bay pòv, ak kijan se lanmò k'ap tann moun k'ap fè mechanste... Mezanmi, m santi m prale!

Yo lonje tonton an sou kabann li, epi li mouri. Yo fè bèl lantèman pou li.

12Lè madanm Tobi mouri, Tobiyas antere l tou kole ak mari l. Apre sa, Tobiyas pran madanm li ansanm ak pitit li yo, li pati pou peyi Medi. Li rete lavil Ekbatana lakay Ragwèl, bòpè li.

13Tobiyas okipe Ragwèl ak Edna ki te fin granmoun, li respekte yo jouk jou yo mouri. Lè sa a, li antere yo lavil Ekbatana nan peyi Medi. Tobiyas eritye tè ak byen Ragwèl yo tankou li te eritye tè ak byen Tobi, papa l.

14Tobiyas te gen sandisetan (117 an) lè li mouri. Tout moun te toujou respekte l.

15Anvan li mouri, li te gentan pran nouvèl lavil Niniv tonbe, epi li te wè Siyaza, wa peyi Medi a, fè moun Niniv yo prizonye, li depòte yo nan peyi Medi. Tobiyas di Bondye mèsi pou jan Bondye te pini moun lavil Niniv yo ak moun peyi Babilòn yo. Anvan li mouri, li te kontan wè sa ki rive lavil Niniv. Se tout tan tout tan li t'ap fè lwanj Bondye Granmèt la pou sa.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help