2 Makabe 6 - 1998 Haitian Creole

Jwif yo anba gwo pèsekisyon poutèt relijyon yo

1Pa twò lontan apre tout bagay sa yo fin pase, wa Antyokis voye yon grandèt, moun lavil Atèn, pou fòse jwif yo vire do bay prensip zansèt yo te kite pou yo, pou yo pa mache dapre lalwa Bondye yo a.

2Wa a te ba li lòd pou li te derespekte tanp lavil Jerizalèm lan, epi pou li te mete l apa pou fè sèvis pou Zeyis ki chita sou mòn Olenp lan. Lèfini, li te gen pou l te mete tanp ki sou mòn Garizim lan apa pou fè sèvis pou Zeyis ki resevwa tout moun lan, jan moun ki rete sou mòn lan te mande sa.

3Tout malè sa yo te lou sou do pèp la, pèp la pa te ka sipòte ankò.

4Moun lòt nasyon yo te plen tanp lan ap fè banbòch ak tout kalite imoralite: yo t'ap pran plezi yo avèk jennès, yo t'ap kouche ak fanm anndan tanp lan menm. Yo pote mete anndan tanp lan yon bann bagay moun pa gen dwa mete la.

5Lotèl la menm te kouvri ak ofrann bèt ki pa bon pou fè sèvis Bondye, bèt lalwa Moyiz pa vle yo ofri bay Bondye.

6Lèfini, yo te defann jwif yo respekte jou repo a, yo pa te gen dwa fete jou fèt jwif yo. Yo pa te menm ka di se jwif yo ye.

7Chak mwa, lè y'ap fete fèt nesans wa a, yo te fòse jwif yo avèk fòs britalite pou yo manje trip bèt yo te ofri yo. Lè fèt Dyonizis la menm, yo te fòse jwif yo pote kouwòn fèy lyann sou tèt yo, lèfini pou yo mache nan lapwosesyon y'ap fè pou Dyonizis la.

8Moun lavil Tolemayis yo bay lide pou yo pase yon lòd nan tout lavil moun Lagrès yo ki nan zòn lan pou yo tout boule menm jan an ak jwif yo, pou yo fòse yo manje trip bèt yo ofri bay zidòl yo,

9lèfini pou yo touye tout jwif ki ta derefize adopte mès moun Lagrès yo. Avèk tout bagay sa yo, jwif yo te konnen gwo malè sèk te san lè tonbe sou yo.

10Se konsa yo trennen de fanm devan tribinal paske yo te sikonsi pitit gason yo. Yo pwonmennen yo nan tout lavil la ak pitit yo pandye nan tete yo, lèfini yo moute sou tèt miray ranpa yo, yo jete yo anba.

11Te gen lòt jwif ki te sanble nan twou wòch toupre lavil Jerizalèm pou yo te ka respekte jou repo a an kachèt. Y'al denonse yo bay Filip ki boule yo tou vivan paske yo te sitèlman respekte prensip jou repo a, ata defann yo pa te vle defann tèt yo.

Poukisa tout pèsekisyon sa yo

12Mwen ta renmen mande moun k'ap li liv sa a pou yo pa dekouraje avèk lafliksyon sa yo ki te tonbe sou pèp la. Se pou yo konprann pèsekisyon sa yo se yon jan pou Granmèt la te pini ras nou an, san li pa fini avè l.

13Se moutre Granmèt la ap moutre nou jan li renmen nou anpil lè li pa fèmen je l twò lontan sou zak moun k'ap fè sa ki mal yo, men li pini yo lapoula.

14Granmèt la pa boule ak nou menm jan li boule ak lòt nasyon yo. Avèk pasyans li tann jouk yo rive nan dènye bout peche yo anvan li pini yo.

15Men pou nou menm, li pini nou anvan nou rive nan dènye bout peche nou yo.

16Konsa, Granmèt la pa janm sispann renmen nou. Menm lè l'ap pini nou ak lafliksyon sa yo, li pa janm lage nou.

17Se chonje mwen te vle fè chonje verite sa yo, pa plis ni mwens. Kounyeya, apre ti pawòl sa a, mwen pral tounen ak rès istwa a.

Eleaza mouri pou Bondye li

18Eleaza te yonn nan pi gwo dirèktè lalwa yo, li te granmoun anpil, men li te toujou kenbe pwotokòl li. Moun yo te fòse mesye louvri bouch li pou li manje vyann kochon, men li krache l voye jete,

19paske li te pito mouri yon jan pou moun ta toujou fè lwanj pou li pase pou l ta viv nan lawont. Se konsa li mache l'al pote tèt li li menm kote pou yo bat li a,

20jan moun ki gen kouray pou yo derefize manje manje yo pa gen dwa manje a fèt pou fè l, menm si sa gen pou koute yo lavi.

21Mesye ki te reskonsab sèvis manje pou zidòl yo te konnen Eleaza depi lontan. Se konsa yo mennen mesye sou kote pou yo pale avè l. Yo mande mesye pou li fè pote pou li manje li gendwa manje, manje li menm li va pare. L'a annik pran pòz se vyann bèt yo ofri bay zidòl yo l'ap manje jan wa a pase lòd la.

22Konsa la chape anba lanmò. Y'a fè sa pou li paske yo bon zanmi depi twò lontan avè l, yo ta vle fè l wè jan yo zanmi l tout bon.

23Men, Eleaza pran yon desizyon respektab ki mache ak laj li, ak prestij granmoun li, ansanm ak cheve li yo ki te fin blan nan travay l'ap fè a epi ki te fè yo respekte l, desizyon ki mache ak lavi dwat l'ap mennen depi l piti a, desizyon ki koresponn ak prensip lavi apa Bondye li menm te bay la. Se poutèt sa, lamenm li di yo konsa:

— Touye m yon fwa san pèdi tan.

24Ak laj sa a mwen gen sou tèt mwen an, m pa ka ap fente, paske si mwen fè sa anpil jennmoun pral kwè Eleaza vire do bay Bondye li lè vin gen katrevendizan.

25Si mwen fente pou m ka sove vye ti bout lavi ki rete m lan, mwen pral lakòz jennmoun sa yo pèdi chemen yo. Lèfini, m'ap rale lawont ak move repitasyon sou mwen nan granmoun mwen.

26Epitou, si kounyeya mwen ta rive chape anba chatiman moun tankou nou, mwen p'ap janm ka chape anba men Bondye ki gen tout pouvwa a, kit mwen vivan kit mwen mouri.

27Se poutèt sa, si kounyeya mwen mouri an brav gason, m'a moutre mwen te merite viv tou tan sa a,

28epi m'a kite yon bèl egzanp pou jennmoun yo, m'a moutre yo jan pou yo mouri yon bèl lanmò ak kè kontan san moun pa fòse yo pou lalwa nou yo ki merite respè, epi ki sòti nan Bondye.

Lè Eleaza fin di sa, li ale drèt kote pou yo bat li a.

29Mesye ki te fenk ap pale an zanmi ak li yo yon ti kadè anvan sa, kounyeya yo vire sou do l, paske yo te mete nan tèt yo li te pale tankou moun fou.

30Lè Eleaza wè li te prèt pou mouri anba kou li t'ap resevwa yo, li bay yon plenn, epi li di:

— Granmèt la konnen tout bagay ki gen rapò avè l. Li konnen, atout mwen ta ka chape anba lanmò sa a, mwen te pito soufri tout gwo soufri sa yo nan kò m anba kout baton. Men nan fon kè mwen, m'ap soufri yo ak kè kontan paske mwen gen krentif pou li.

31Se konsa Eleaza mouri. Men, avèk mouri li mouri konsa a, li kite pou jennmoun yo ak pou tout pèp la egzanp sa yon brav gason ka fè, li ba yo modèl bon kalite moun ka genyen, bagay pou yo pa janm bliye.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help