Ezekyèl 35 - 1998 Haitian Creole

Bondye ap pini moun peyi Edon yo

1Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:

2— Ras Eze 25.12 Adan! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn Seyi. Bay moun Edon yo mesaj sa a pou mwen.

3W'a Jer 49.17; Eze 33.28 di yo men sa Senyè sèl Mèt la voye di nou:

Nou menm moun peyi Seyi, m'ap leve dèyè nou tou!

Mwen pral lonje men m sou nou pou m pini nou.

M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pèsonn ladan l.

4M'ap Eza 6.11 fè tout lavil nou yo tounen mazi.

M'ap fè peyi a rete san pèsonn ladan l.

Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.

5Nou Sòm 137.7; Am 1.11; Eze 21.25 pa janm sispann rayi moun Izrayèl yo. Lè malè lagè tonbe sou yo, lè yo t'ap resevwa dènye chatiman pou peche yo a, nou lage yo nan men lènmi yo.

6Se Sòm 109.17 poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Senyè a, k'ap pale: m'ap fè nou benyen nan dlo kò nou, nou p'ap ka chape. Wi, nou te mete san yo deyò, san an gen pou pousib nou.

7M'ap fè mòn Seyi yo, peyi Edon an, tounen yon dezè kote moun pa rete. M'ap touye dènye moun k'ap ale vini nan peyi nou an.

8Mwen Eze 31.12 pral kouvri mòn nou yo ak kadav. Ti mòn nou yo, fon nou yo ak ravin nou yo pral kouvri ak kadav moun yo touye nan lagè.

9M'ap Mal 1.3,4 fè peyi nou an tounen dezè pou toutan. P'ap gen yon moun nan lavil nou yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.

10Nou Eze 36.2,5; 37.22; 48.35 te di konsa ni nasyon Izrayèl la, ni nasyon Jida a ansanm ak tout peyi yo a, se pou nou yo ye, nou pral pran yo pou nou, malgre se mwen menm ki te Bondye yo a.

11Enben! Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Senyè a, k'ap pale: Jan nou te move sou yo! Jan nou te rayi sò yo! Jan nou pat vle wè yo! M'ap fè nou peye pou tou sa. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm k'ap pini nou pou tou sa nou te fè yo.

12Wi, 2 Wa 19.4 n'a konnen se mwen menm ki Senyè a, mwen te tande jan nou t'ap pase mòn peyi Izrayèl yo nan betiz, lè n'ap plede di: Yo tounen yon dezè, yo ban nou yo pou n ka devore yo.

13Mwen te tande ak zòrèy mwen jan nou te derespekte m, jan nou pat manke pale m mal.

14Men Eza 65.13,14 sa Senyè sèl Mèt la di ankò:

— Tout moun sou latè pral kontan lè m'a fè peyi nou an tounen yon dezè

15menm Eze 36.5 jan nou te kontan wè peyi moun Izrayèl yo, peyi moun ki rele m pa m yo, tounen yon dezè. Tout mòn Seyi yo, wi, tout peyi Edon an, pral tounen dezè. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Senyè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help