Sòm 5 - 1998 Haitian Creole

SÒM 5Lapriyè pou mande pwoteksyon(1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman yo rele fif pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David.

1(2) Koute Sòm 84.3 sa m'ap di ou, Senyè!

Tande jan m'ap plenn!

2(3) Se Sòm 88.13; 119.147 ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen.

Pran ka m, Senyè, lè m'ap rele ou!

Se ou menm m'ap lapriyè, Senyè.

3(4) Chak maten ou tande vwa m.

Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m devan ou.

M'ap tann ou reponn mwen.

4(5) Ou Sòm 1.5; 11.5; 73.4; Aba 1.13 se yon Bondye ki pa pran plezi nan bagay ki mal.

Ou pa tolere mechan yo bò kote ou.

5(6) Moun Sòm 55.23; Rev 22.15 k'ap vante tèt yo pa ka kanpe devan ou.

Ou pa vle wè moun k'ap fè mechanste.

6(7) Ou 1 Wa 8.30 detwi tout moun k'ap bay manti.

Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun,

ni moun k'ap twonpe moun.

7(8) Men Sòm 23.3; 27.11 mwen menm, m'a antre lakay ou,

paske ou renmen m anpil.

M'ap lage kò m nan pye ou, nan kay ki apa pou ou a.

M'ap adore ou.

8(9) Senyè, Sòm 12.2; Wòm 3.13 mwen gen anpil lènmi k'ap veye m.

Pran men m pou m ka fè sa ki dwat devan ou.

Fè m wè chemen ou mete devan m lan, fè m wè l aklè.

9(10) Ou 2 Sam 15.31 pa janm ka kwè moun sa yo.

Dèyè yon sèl bagay yo ye: Se fini yo vle fini ak moun.

Bouch yo, ou ta di yon kavo tou louvri.

Lang yo menm dous konsa pou flate moun!

10(11) Se 1 Sam 2.1; Sòm 2.12; 33.21 mechan yo ye. Kondannen yo, Bondye.

Gate tout plan yo te fè.

Pou valè peche yo fè, wete yo devan je ou,

paske se kenbe y'ap kenbe tèt ak ou.

11(12) Men, Sòm 115.13 tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan.

Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan.

W'ap pwoteje moun ki renmen ou.

Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan.

12(13) Paske ou menm Senyè, ou beni moun ki obeyi ou.

Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help