1Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl, li di konsa:
2— Mwen gen yon bann lide k'ap travay nan tèt mwen.
Mwen pa ka tann ankò. Se pou m reponn ou.
3Tou sa ou di la a vekse m.
Men, mwen konnen jan pou m reponn ou.
4Ou Det 4.32 konnen, depi nan tan lontan,
depi premye moun Bondye te mete sou tè a,
5mechan Sòm 37.35 pa janm gen kè kontan pou lontan.
Plezi moun k'ap fè mal, se pou yon ti tan.
6Yo Eza 14.13,14; Abd 3,4 te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la,
jouk pou tèt yo ta rive nan nyaj yo,
7y'ap 1 Wa 14.10; Jòb 14.10; Sòm 83.10 rete konsa, y'ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule.
Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase.
8Moun Sòm 73.20; 90.5; Eza 29.7 bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje,
tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p'ap janm wè ankò.
9Moun Jòb 7.8,10 ki te konn wè yo p'ap wè yo ankò.
Menm moun lakay yo p'ap konnen kote yo pase.
10Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo.
Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs.
11Mechan Jòb 21.26 yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou.
Men kounyeya, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.
12Lè Sòm 10.7 l t'ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li,
li te kenbe ti gout anba lang li.
13Li pat kite l fin twò vit nan bouch li,
pou l te ka jwi gou a pandan lontan.
14Men, Det 32.33 rive manje a rive nan lestonmak li, li vin anmè kou fyèl.
Anndan vant li pran boule l tankou si li te vale pwazon.
15Mechan an gen pou l vonmi tout richès li te vòlò yo,
paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li.
16Tou Pwo 23.32 sa li te vale tounen pwazon pou li.
L'ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l.
17Li Det 32.13,14; Jòb 29.6; Sòm 36.8 p'ap viv pou l wè lwil koule tankou dlo larivyè,
ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas.
18L'ap blije bay tou sa li te travay fè.
Li p'ap gen chans jwi richès li yo.
19Paske li te piye kay pòv malere yo,
li te pito vòlò kay moun pase pou l bati.
20Li Pwo 17.1; Ekl 5.13,14; Eza 59.8 pat janm gen kont li.
Men, richès li p'ap ka delivre l.
21Pèsonn pat ka chape anba men l sitèlman li te akrèk.
Non. Tout richès li yo pa la pou lontan.
22Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere.
Tout kalite mizè pral tonbe sou li.
23Pandan Nonb 11.33 l'ap manje plen vant li,
Bondye pral move kont move sou li.
Malè pral tonbe dri sou li.
24Lè 2 Sam 22.35; Am 5.19 l'ap chache kouri pou lepe,
flèch wouye pral pèse li pakanpak.
25Yon Jòb 18.11 flèch ap pèse kò l. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la.
Kè l sere, li wè lanmò anfas.
26Li Jòb 15.34; Sòm 21.9 pèdi tou sa li te sere.
Yon dife pèsonn pa limen ap boule l.
L'ap devore tou sa ki lakay li.
27Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal.
Latè kanpe pou denonse l.
28Yon sèl dlo desann va pote kay li ale,
jou Bondye va fè kòlè sa a sou li.
29Wi, Jòb 27.13; 31.2,3 se sa Bondye sere pou mechan yo.
Se sa mechan yo pral resevwa nan men Bondye.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.