1Senyè a pale avè m, li di m konsa:
2— Nonm Moun Jen 37.25; 1 Wa 5.9,11; Tra 12.20 peyi Jida ak moun peyi Izrayèl yo te fè kòmès avè ou tou. Pou peye ou, yo ba ou ble, pitimi, siwo myèl, lwil oliv ak zepis.
18Moun Damas yo achte machandiz ou yo ak tout kalite bèl bagay ou te gen an kantite. Yo te vann ou diven ki sòti Elbon ak lenn ki sòti Saar.
19Moun Egz 30.23,24 sòti depi lavil W'azal, yo ba ou diven, fè fòje, kannèl ak zepis pou machandiz ou yo.
20Moun lavil Dadan yo ba ou sèl ak chabrak pou machandiz ou yo.
21Moun Eza 60.7 peyi Arabi yo ak chèf peyi Keda yo te pratik ou tou. Yo te vann ou ti mouton, belye mouton ak bouk kabrit.
22Machann Sòm 72.15; Eza 60.6 ki sòti Seba ak Rema vin vann ou bon kalite zepis, bèl pyè ki koute chè ak lò.
23Moun lavil Aran, moun lavil Kane, moun lavil Edenn, machann ki sòti lavil Seba, lavil Asou ak lavil Chilman, yo tout t'ap fè kòmès avè ou.
24Yo vann ou bèl twal ki koute chè, twal wouj, twal bwode, bèl tapi tout koulè, bon kòd trese byen solid.
25Gwo Sòm 48.7; Eza 23.14 batiman Tasis yo t'ap vwayaje toupatou al vann machandiz ou yo.
Ou te tankou yon batiman chaje kouleba,
nan mitan lanmè.
26Moun Jer 18.17 ki t'ap naje zaviwon yo
te mennen ou byen lwen nan fon lanmè.
Yon sèl van lès te fè ou koule
byen lwen nan mitan lanmè.
27Tout Eze 26.18 richès ou yo, tout machandiz ou yo,
ak tout pwovizyon ou yo
ansanm ak tout maren ak tout moun k'ap travay pou ou yo,
bòs chapant ki pou fè reparasyon pou ou yo, machann ou yo,
tout sòlda ki te abò ou yo
ansanm ak tout foul moun ki te nan batiman an,
yo tout, wi, yo tout pèdi nan lanmè
lè batiman ou lan koule.
28Rèl maren k'ap neye yo
fè moun ki rete sou rivay yo pran tranble.
29Tout Jer 6.26; Lam 2.10; Rev 18.17,18 moun ki t'ap naje zaviwon yo
desann atè, yo kite batiman yo.
Tout maren yo rete atè.
30Y'ap kriye pou ou,
y'ap plenn sò ou.
Y'ap voye pousyè tè sou tèt yo,
y'ap woule kò yo nan sann dife,
tèlman y'ap nan lapenn.
31Yo koupe tout cheve nan tèt yo.
Yo mete dèy sou sou yo.
Sa fè yo mal anpil pou ou.
Yo dekouraje, y'ap plenn sò ou.
32Nan lapenn yo y'ap chante sou ou.
Yo pral plenn sò ou ak dlo nan je.
Y'ap di: Pa te gen tankou lavil Tir
ki kounyeya koule nan fon lanmè!
33Lè Rev 18.15,19 ou voye machandiz ou yo vann lòt bò dlo,
tout nasyon yo jwenn sa yo bezwen.
Avèk kantite machandiz ak danre ou yo,
ou te fè anpil wa vin rich.
34Kounyeya, ou Eze 26.19 koule nan fon lanmè.
Tout machandiz ou yo,
tout moun ki t'ap travay pou ou yo
disparèt ansanm avè ou nan lanmè.
35Tout Eze 26.15; 32.10 moun ki rete nan peyi bò gwo lanmè a sezi tande sa ki rive ou. Ata wa yo gen kè sote. Yo kagou sitèlman yo pè.
36Moun Eze 26.21; Rev 18.11 k'ap fè kòmès nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Wi, ou fini, ou fini nèt.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.