1Nan lavil Sezare te gen yon nonm ki moun anba a k'ap mande pou ou.
20Leve non, desann. Pati ak yo touswit, se mwen menm ki voye yo.
21Pyè desann, l'al jwenn mesye yo, epi l di yo:
— Se mwen menm n'ap chache a. Kisa k mennen nou isit la?
22Yo reponn:
— Se kaptenn Kònèy ki voye nou. Nonm sa a, se yon bon gason ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp jwif la konsidere l anpil. Enben, yon zanj Bondye te di l pou l te voye chache ou pou ou vin lakay li. Li bezwen tande sa ou gen pou di l la.
23Pyè Tra 11.12 fè yo antre. Li fè yo pase nwit lan avè li. Nan denmen, li leve, li pati ak yo. Kèk frè lavil Jope ale avè l tou.
24Yo rive Sezare yon jou apre. Kònèy t'ap tann yo ak tout fanmi l ansanm ak kèk bon zanmi l li te envite lakay li.
25Pyè fè sa pou l antre, Kònèy kouri vin devan l, li lage kò l nan pye l, li bese tèt li byen ba devan li.
26Men, Tra 14.15; Rev 19.10 Pyè fè l leve, li di l konsa:
— Kanpe non, monchè. Se yon moun mwen ye tou.
27Pyè kontinye pale avèk li. Yo antre nan kay la epi Pyè jwenn yon bann moun ki te sanble.
28Li di yo:
— Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gendwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon l pa penmèt sa. Men, Bondye fè m konnen, mwen pa gendwa gade pèsonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye.
29Se poutèt sa, voye ou voye rele m lan, mwen pa fè ni yonn ni de, mwen vini. Kounyeya, mwen ta renmen konnen poukisa ou voye chache m lan.
30Kònèy di li:
— Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen.
31Epi l di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo.
32Voye yon moun lavil Jope al rele Simon ki gen ti non Pyè a. Se lakay Simon, bòs tanè ki bò lanmè a, li ye.
33Menm lè a, mwen voye chache ou, epi ou asepte vini. Kounyeya, men nou tout la devan Bondye, n'ap koute tou sa Bondye ba ou lòd di nou.
Diskou Pyè lakay Kònèy34Pyè Det 10.17; 1 Sam 16.7; Wòm 2.11 pran lapawòl, li di:
— Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre: Bondye pa gade sou figi moun.
35Li Jan 9.31; 10.16 kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li.
36Nou Sòm 107.20; 147.18; Eza 52.7; Na 1.15; Mat 28.18 konnen mesay Bondye te voye bay pèp Izrayèl la: li fè yo konnen bòn nouvèl la ki di: Bondye voye Jezi ki Mèt tout moun pou bay tout moun kè poze.
37Nou Mat 4.12-17 konnen sa k te rive nan tout peyi Jide a. Bagay sa yo konmanse nan peyi Galile, apre batèm Jan t'ap anonse a.
38Nou Eza 61.1; Mat 3.16 konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li.
39Nou Det 21.22 menm k'ap pale la a, nou temwen tou sa li te fè nan peyi jwif yo ak nan Jerizalèm. Yo te touye l, yo te kloure l sou kwa a.
40Men 1 Kor 15.4-7 sou twa jou, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, li fè moun wè li vivan.
41Se Jan 14.19,22; 15.27; Tra 1.4 pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l temwen. Wi, nou manje avè l, nou bwè avè l apre Bondye te fè l tounen vivan sòti nan lanmò.
42Li Tra 17.31; Wòm 14.9,10; 1 Pyè 4.5; 2 Tim 4.1 ban nou lòd mache fè konnen bòn nouvèl la bay pèp la, pou n fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja.
43Tout Eza 33.24; 53.5,6; Jer 31.34; Eze 34.16; Da 9.24 pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a.
Moun ki pa jwif resevwa Sentespri tou44Pyè t'ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t'ap koute mesay la.
45Frè ki te sòti lavil Jope ansanm ak Pyè yo se jwif yo te ye. Yo te sezi wè ki jan Bondye te bay moun ki pa jwif yo Sentespri l an kantite.
46Yo Tra 2.4; 19.6; Mak 16.17 te tande moun lòt nasyon yo ap pale nan lòt lang. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di jan li gen pouvwa. Lè sa a Pyè di:
47— Moun sa yo resevwa Sentespri menm jan avèk nou. Kounyeya, ki moun ki ka anpeche nou batize yo nan dlo tou?
48Epi Jan 4.40 li bay lòd batize yo nan non Jezikri. Apre sa, yo mande Pyè pou l rete pase kèk jou avèk yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.