Detewonòm 25 - 1998 Haitian Creole

Lè gen kont

1Lè yon kont pete nan mitan nou, moun ki gen kont yo va ale lajistis pou yo jije ka a. Y'a bay sa ki gen rezon an rezon, sa ki gen tò a tò.

2Si sa ki gen tò a merite bat, jij la va fè l kouche plat atè, epi, la devan je l, la fè yo ba li kantite kou li merite pou sa l fè a.

3Nou 2 Kor 11.24 pa janm gendwa depase karant kou. Si nou ba li plis, nou ka pini l twòp. Lè sa a, n'a avili l devan tout moun.

4Nou Pwo 12.10; 1 Kor 9.9; 1 Tim 5.18 pa bezwen mare bouch bèf la pou enpoze l manje lè l'ap vire moulen pou kraze ble pou nou.

Kondisyon pou bòfrè ak bèlsè marye

5Lè Jen 38.8; Rit 1.12,13; Mak 12.19 de frè rete ansanm nan menm kay, si yonn ladan yo rive mouri san li pa kite pitit, madanm defen an pa ka al marye ak yon moun ki pa nan fanmi an. Se va devwa bòfrè a pou l'al jwenn vèv la pou l marye ak li.

6Premye Jen 38.9; Rit 4.5,10 pitit gason madanm lan va fè a va pote non frè ki mouri a pou non l pa pèdi nan peyi Izrayèl la.

7Men, si nonm lan pa vle marye ak bèlsè li a, bèlsè a va moute nan tribinal bò pòtay lavil la, epi la di chèf fanmi yo: Bòfrè mwen an derefize fè devwa l. Li pa vle konsève non frè li nan peyi Izrayèl la. Li refize marye avè m, jan lalwa peyi a mande l fè l la.

8Lè Rit 4.6 sa a, chèf fanmi ki nan lavil la va fè rele nonm lan vin jwenn yo epi y'a pale avè l. Si li derefize marye avèk bèlsè a,

9bèlsè a Nonb 12.14; Rit 4.7 va mache sou li, devan tout chèf fanmi yo, l'a wete yon grenn sapat nan pye nonm lan, l'a krache nan figi l, epi l'a di:

— Men sa ki pou rive yon nonm ki refize bay frè li yon pitit.

10Nan peyi Izrayèl la, y'a rele fanmi nonm sa a: fanmi nonm grenn sapat la.

Divès lòt regleman ankò

11Si pandan de gason nan moun Izrayèl yo ap goumen, madanm yonn nan yo pwoche pou l sove mari l anba men lòt k'ap bat li a, epi li lonje men l, li kenbe lòt lan nan pati li,

12se pou nou san pitye pou li: koupe men an lapoula.

13Nou Lev 19.35,36; Pwo 16.11; Eze 45.10; Mi 6.11 pa gendwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon,

14ni de kalite mezi lakay nou, yonn ki bon ak yonn ki pa bon.

15N'a Det 4.40 toujou sèvi ak bon mezi, san wete san mete. Se konsa n'a ka viv lontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou an.

16Paske Det 18.12; Pwo 11.1; 20.23 Senyè a deteste moun k'ap fè lenjistis konsa.

Lòd pou touye moun Amalèk yo

17Pa Egz 17.8; 1 Sam 15.2 janm bliye sa Amalèk te fè nou lè nou te sou wout nou ap sòti nan peyi Lejip.

18Yo Joz 10.19 pat gen krentif Bondye. Yo vin kontre nou sou chemen nou. Lè sa a nou te bouke, kò nou te kraze, epi yo pase pa dèyè, yo touye tout moun ki t'ap trennen dèyè yo.

19Se Egz 17.14; 1 Sam 15.3 poutèt sa, lè Senyè a, Bondye nou an, va ban nou lapè ak tout lènmi sa yo ki antoure nou toupatou nan peyi l'ap ban nou pou rele nou pa nou an, se pou nou touye tout moun Amalèk yo pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo ankò. Pa bliye sa!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help