1Akaz te gen ventan lè li moute wa poutèt Akaz, wa peyi Jida a, ki te pouse pèp la neglije Bondye yo a, epi ki poutèt pa l te vire do bay Bondye nèt.
20Men 2 Wa 16.7-9 Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri a, vin atake wa Akaz pito. Pase pou l ede l, li kraze l pi mal.
21Se konsa, Akaz pran dènye bagay ki gen valè nan kay Senyè a, nan palè wa a ak lakay chèf yo, li fè wa peyi Lasiri a kado. Men, sa pat sèvi l anyen.
Peche wa Akaz yo(2 Wa 16.7-20)22Pandan tout tan yo t'ap kraze l konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Senyè a.
23Li 2 Wa 16.10-12; 2 Kwo 25.14; Jer 44.17,18 t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l: Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la.
24Akaz 2 Wa 16.17; 2 Kwo 29.3,7; 30.14 pran tout veso ki te nan Tanp Bondye a, li kraze yo an miyèt moso. Li kondannen pòt Tanp Senyè a. Li fè fè lòt lotèl pou lòt bondye yo toupatou nan lavil Jerizalèm.
25Li bati tanp nan tout lavil ak ti bouk nan peyi Jida pou boule lansan pou lòt bondye yo. Se konsa li fè Senyè a, Bondye zansèt li yo, fache anpil sou li.
26Tout 2 Wa 16.19,20 rès istwa Akaz la ak tou sa li te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, n'a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.
27Lè 2 Kwo 21.20 li mouri, yo antere l lavil Jerizalèm, men yo pat mete l nan tonm wa Izrayèl yo. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.