Jòb 11 - 1998 Haitian Creole

Premye koze Sofa ak Jòb

1Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa:

2— Atò, pèsonn Pwo 10.19; Ekl 5.3 p'ap reponn gwo paladò sa a?

Pale anpil pa ka bay moun rezon.

3Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou.

Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?

4Ou Jòb 10.7 pretann sa ou di a se verite.

Pou ou, ou san repwòch devan Bondye!

5Pa pito Bondye ta pale pou l reponn ou!

6Li Esd 9.13 ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen,

bagay moun pa ka konprann.

Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.

7Ou Jòb 5.9; Sòm 145.3; Ekl 3.11; 8.17; Wòm 11.33 konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye,

ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?

8Li Jòb 22.12; Sòm 139.8 pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa?

Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la?

9Li pi long pase longè tout tè a.

Li pi laj pase lanmè a.

10Si Jòb 9.12; 12.14 Bondye arete ou, li mete ou nan prizon,

li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l non?

11Bondye konnen tout moun k'ap bay manti.

Je l byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.

12Konsa, moun fou va konmanse gen konprann.

Bourik sovay yo va donte.

13Annou 1 Sam 7.3; Sòm 78.8; 88.9; 143.6 wè, monchè! Pran tèt ou!

Louvri bra ou devan Bondye.

14Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo.

Pa kite mechanste chita lakay ou.

15Lè Jòb 22.26; 31.7; 2 Pyè 3.14; 1 Jan 3.21 sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je.

W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen.

16W'a Eza 65.16 bliye lapenn ou yo.

Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò.

17Lavi Sòm 37.6; Eza 58.8,10 ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi.

Move pa yo pral tankou yon douvan jou.

18Ou Sòm 4.8; Pwo 3.24 pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje.

Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze.

19Lè Eza 17.2; Sof 3.13 w'ap dòmi, pèsonn p'ap deranje ou.

Anpil moun va vin achte figi ou.

20Men, Jòb 17.5; Jer 15.9 mechan yo ap voye je yo bouske toupatou,

yo p'ap jwenn kote pou yo chapekò yo.

Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help