1Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt.
2Apre paske se la Senyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè.
Pitit pitit Sèm yo(1 Kwonik 1.24-27)10Men 1 Kwo 1.17-27 pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad.
11Apre sa, li viv senksanzan (500 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
12Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela.
13Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
14Chela te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Ebè.
15Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
16Ebè te gen trannkatran lè li fè yon pitit gason yo rele Pelèg.
17Apre sa, li viv katsantrantan (430 an). Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
18Pelèg te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Reou.
19Apre sa, li viv desannèvan (209 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
20Reou te gen tranndezan lè li fè yon pitit gason yo rele Sewoug.
21Apre sa, li viv desansetan (207 an) ankò. Li Te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
22Sewoug te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Nakò.
23Apre sa, li viv desanzan (200 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
24Nakò te gen ventnèvan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak.
25Apre sa, li viv sandiznèvan (119 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.
26Terak Joz 24.2 te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran.
27Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt.
28Aran mouri anvan papa l. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l te fèt la.
29Abram Jen 17.15; 22.20 ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska.
30Sarayi pat gen pitit, li pat ka fè pitit.
31Terak Jen 15.7; Ney 9.7; Tra 7.4 pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou l'ale nan peyi Kanaran. Men, lè yo rive lavil Karan, yo te rete la.
32Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan (205 an).
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.