Revelasyon 15 - 1998 Haitian Creole

Sèt zanj yo ak sèt dènye kalamite yo

1Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan syèl

plan travay ou yo dwat, se verite yo ye.

4Ki Sòm 86.9; Mal 1.11 moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt?

Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou?

Se ou menm sèl ki sen.

Tout nasyon yo gen pou vini

pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou.

Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.

5Apre Egz 40.34; Rev 11.19 sa, mwen wè kote ki apa pou Bondye nan tanp ki nan syèl la louvri.

6Sèt Lev 26.21; Eze 28.13 zanj ki te kenbe sèt kalamite yo sòti nan tanp la. Yo te abiye ak yon bèl twal blan byen fen ki te klere anpil. Yo te gen sentiwon an lò mare sou lestonmak yo.

7Yonn Rev 4.6-8; 14.10 nan kat kreyati vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode lò tou plen ak kòlè Bondye ki vivan pou tout tan an.

8Lafimen 1 Wa 8.10; Eza 6.4; Eze 44.4 ki t'ap sòti nan gwo limyè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pèsonn pat kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pat ankò pase.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help