Egzòd 14 - 1998 Haitian Creole

Pèp Izrayèl anfas lanmè Wouj

1Bondye pale ak Moyiz, li di l:

2— Pale ak pèp Izrayèl la, di yo: Tounen Konsa, de lame yo pat ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan.

21Moyiz Joz 4.23; Ney 9.11; Sòm 74.13; 106.9 lonje men l sou lanmè a. Senyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò.

22Moun Egz 15.19; Nonb 33.8; Sòm 66.6; 78.13; 1 Kor 10.1; Eb 11.29 pèp Izrayèl yo antre sou tè sèk la, nan mitan lanmè a. Dlo a te kanpe de bò tankou yon miray sou bò dwat yo ak sou bò gòch yo.

23Moun peyi Lejip yo pran rapousib yo. Yo antre dèyè yo nan mitan lanmè a ak tout chwal farawon yo, tout cha li yo ak tout kavalye l yo.

24Lè douvanjou rive, Senyè a rete nan dife a ak nan nyaj la, li voye je l sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo.

25Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse. Lè sa a, moun peyi Lejip yo di konsa:

— Annou kouri pou moun Izrayèl yo! Paske se Senyè a k'ap konbat nou nan plas yo.

26Lè sa a, Senyè a di Moyiz:

— Lonje men ou sou lanmè a ankò. Dlo a ap tounen nan plas li, l'ap kouvri moun peyi Lejip yo ansanm ak tout cha yo ak kavalye yo.

27Se Det 11.4; Sòm 78.53 konsa, lè jou pral kase, Moyiz lonje men l sou lanmè a, dlo a tounen nan plas li. Lè moun peyi Lejip yo wè dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Senyè a voye yo jete nan lanmè a.

28Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dèyè moun pèp Izrayèl yo nan lanmè a. Pa gen yonn ki chape.

29Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo.

30Sè Sòm 106.8-10 jou sa a Senyè a te delivre pèp Izrayèl la anba men peyi Lejip. Moun Izrayèl yo te wè kadav moun Lejip yo sou tout bò lanmè a.

31Yo Jan 2.11; 11.45 wè sa Senyè a te fè moun peyi Lejip yo pase ak fòs ponyèt pa li. Pèp Izrayèl la vin gen krentif pou Senyè a. Yo mete konfyans yo nan Senyè a ak nan Moyiz, sèvitè l la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help