Lik 12 - 1998 Haitian Creole

Veye kò nou ak ipokrit yo(Matye 10.26-27)

1Lè sa a, se pa ti kras moun ki te sanble. l'ap aji avè l menm jan yo aji ak moun ki pa fè travay yo.

47— Yon Jak 4.17 domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou.

48Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k'ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y'ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo bay anpil, y'ap mande l anpil tou. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y'ap egzije plis ankò nan men li.

Divizyon pami lèzòm(Matye 10.34-36)

49— Mwen vini jete yon dife sou latè. Mwen ta renmen wè dife sa a limen deja!

50Mwen Mat 20.22; 26.38; Jan 12.27 gen yon batèm pou m resevwa. Men, mwen twouve l pran anpil tan pou l rive.

51Nou Mat 10.34-36 kwè mwen vin mete lapè sou latè. Mwen di nou: Non, mwen vin mete divizyon.

52Depi kounyeya, yon fanmi ki gen senk moun va divize, twa kont de, de kont twa.

53Papa Mi 7.6 va leve kont pitit gason, pitit gason va leve kont papa, manman va leve kont pitit fi, pitit fi va leve kont manman, bèlmè va leve kont bèlfi, bèlfi va leve kont bèlmè.

Chache konprann sa ki pral rive(Matye 16.2-3)

54Jezi Mat 16.2,3 t'ap di foul moun yo tou:

— Lè nou wè yon nyaj ap leve bò kote solèy kouche a, lamenm nou di: Li pral fe lapli. Epi se sa k rive vre.

55Lè nou wè van an soufle sòti nan sid, nou di: Li pral fè cho. E se sa k rive vre.

56Ipokrit, nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou tè a ak nan syèl la, poukisa atò nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase kounyeya nan tan sa a?

Chache antann nou ak lènmi nou(Matye 5.25-26)

57— Poukisa nou pa chache konprann pou tèt pa nou sa nou dwe fè ki dwat?

58Si Mat 5.25,26 yon moun pote plent lajistis pou ou, si nou tou de nou pral nan tribinal ansanm, pito n chache antann nou pandan nou nan chemen. Si se pa sa, l'ap trennen ou devan jij la, jij la ap lage ou nan men lapolis, lapolis ap mete ou nan prizon.

59M'ap di ou sa: ou p'ap sòti nan prizon an tout tan ou pa peye dènye lajan ou dwe a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help