11Se pou moun ki te prete l lajan mete men sou tou sa ki pou li.
Se pou etranje piye rekòt jaden li.
12Se Jòb 5.4 pou pèsonn pa zanmi l ankò.
Se pou pèsonn pa gen pitye pou pitit li kite.
13Se Sòm 9.5; 21.10 pou tout pitit pitit li yo mouri.
Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.
14Se Egz 20.5; Ney 4.5 pou Senyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal,
pou l pa janm padonnen peche manman l yo.
15Se Jòb 18.17; Sòm 34.16; 90.8 pou Senyè a pa janm bliye peche yo te fè.
Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè,
16paske li pa janm chonje gen pitye pou pèsonn.
Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo.
17Li Eze 35.6 renmen bay madichon.
Se pou madichon tonbe sou li.
Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pèsonn pa ba li benediksyon.
18Tout kò l se madichon!
Se pou madichon pase l nan san.
Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l.
19Se pou madichon kouvri l tankou dra.
Se pou madichon mare nan ren l tankou yon sentiwon.
20Se konsa pou Senyè a pini moun ki pa vle wè m yo,
moun k'ap pale m mal yo.
21Men, Sòm 69.16 Senyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non,
pou sa sèvi yon lwanj pou ou.
Delivre m non paske ou p'ap janm sispann renmen m.
22Se yon pòv malere san sekou mwen ye,
kè m ap fann.
23Kò m Sòm 102.11 ap tchoule tankou solèy k'ap kouche.
Mwen tankou bigay van ap pote ale.
24Jenou m Jòb 16.8; Sòm 35.13 fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po.
Mwen fèb anpil!
25Lè Sòm 22.6,7; Eza 37.22; Mat 27.39 moun wè m, y'ap fè siy sou mwen,
y'ap pase m nan rizib.
26Ede m non, Senyè, Bondye mwen!
Delivre m paske ou gen bon kè.
27Se Jòb 37.7 pou lènmi m yo konnen
se ou menm, Senyè, k'ap delivre m.
28Yo 2 Sam 16.12; Eza 65.14 mèt ban m madichon.
Men, ou menm, w'ap ban m benediksyon.
Se pou moun ki pa vle wè m yo wont.
Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m gen kè kontan.
29Se Jòb 8.22; Sòm 35.26; 71.13 pou moun ki pa vle wè m yo wont,
se pou dezonè tonbe sou yo.
30M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m di Senyè a mèsi.
M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini,
31paske Sòm 16.8 li pran defans pòv malere a,
li delivre l anba men moun ki te kondannen l yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.