Sòm 39 - 1998 Haitian Creole

SÒM 39 (38)Pase n'ap pase(1) Pou 1 Wa 2.4; Jòb 2.10; Sòm 34.13 chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David.

1(2) Mwen Jòb 40.4,5 te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen,

pou m pa peche ak lang mwen.

M'ap mete yon fren nan bouch mwen

toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.

2(3) Mwen Jer 20.9; Lik 24.32 fèmen bouch mwen, mwen pa di yon mo,

mwen pa pale menm. Sa pa sèvi m anyen.

Mwen soufri pi rèd.

3(4) Kè m Sòm 90.12 te sere anpil.

Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m.

Mwen pat kapab ankò. Mwen mande:

4(5) — Senyè, Jòb 14.1,2; Sòm 62.9; 89.47 fè m konnen kilè m'ap mouri.

Di m konbe jou ki rete m pou m viv ankò,

pou m ka konnen se pase m'ap pase sou tè a.

5(6) Gade, Jòb 27.16,17; Ekl 2.18,21; Lik 12.20; 1 Kor 7.31; Jak 4.14 mwen konte jou ki rete m pou m viv yo sou dwèt mwen.

Lavi m tankou anyen devan ou.

Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.

6(7) Lèzòm Sòm 38.15 ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray.

Se pou gremesi y'ap bat kò yo.

Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo.

7(8) Kounyeya, Sòm 44.13 Senyè, sa m'ap tann ankò?

Tout espwa m se sou ou!

8(9) Delivre m 2 Sam 16.10; Jòb 2.10; Sòm 38.13 anba tout peche m yo.

Pa kite egare yo pase m nan betiz.

9(10) M'ap Jòb 9.34; 13.21 fèmen bouch mwen, mwen p'ap di yon mo.

Paske tou sa se travay ou.

10(11) Tanpri, Jòb 13.28; Sòm 39.5; 49.14 pa bat mwen ankò, sispann kale m.

Mwen prèt pou m mouri anba kout fwèt ou yo.

11(12) Lè Lev 25.23; 1 Kwo 29.15; Sòm 102.1; Eb 11.13 w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè,

ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad.

Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.

12(13) Tanpri, Jòb 10.20,21; 14.10-12 Senyè, koute m lè m'ap lapriyè.

Tande jan m'ap rele,

pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou.

Mwen tankou tout zansèt mwen yo,

se etranje mwen ye,

se pase m'ap pase lakay ou.

13(14) Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m ka pran yon ti souf,

anvan m ale, anvan m mouri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help