Sòm 67 - 1998 Haitian Creole

SÒM 67 (66)Se pou tout moun fè lwanj Bondye(1) Pou Nonb 6.25; Sòm 4.6 chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm sa a se yon chante.

1(2) Tanpri, Lik 2.30-32; Tra 18.25,26; Tit 2.11 Bondye, gen pitye pou nou!

Voye benediksyon ou sou nou!

Fè nou santi ou la avèk nou,

2(3) pou tout moun sou latè ka konnen sa ou vle,

pou tout lòt nasyon yo ka konnen se ou ki delivre lèzòm.

3(4) Se Sòm 9.8 pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye.

Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.

4(5) Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan.

Se pou yo chante tèlman yo kontan,

paske ou jije pèp yo san patipri,

ou dirije tout nasyon ki sou latè.

5(6) Se Lev 26.4; Sòm 85.12; Eze 34.27 pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye.

Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.

6(7) Latè Sòm 22.27 bay rekòt.

Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou.

7(8) Wi, Bondye te voye benediksyon li

sou nou.

Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help