Ezayi 29 - 1998 Haitian Creole

Ezayi plenn sò Jerizalèm

1Mwen wè malè pou lotèl Bondye a, 2 Sam 5.9 lavil Jerizalèm! Mwen wè malè pou lavil kote David te moute kan li an. Kite ennan, dezan konsa pase, kite tout fèt yo fin pase,

2Senyè a pral voye yon sèl lafliksyon sou lotèl Bondye a. Moun pral rele, yo pral plenn. Lavil la pral tounen yon lotèl Bondye tout bon kote y'ap ofri bèt yo touye pou li.

3Bondye 2 Wa 25.1 pral atake lavil la tankou David te fè l la. Li pral sènen l ak sòlda. L'ap fèmen l toupatou.

4Lavil Eza 8.19 Jerizalèm pral tankou yon moun anba tè k'ap pale. Pousyè tè ap toufe pawòl nan bouch li. Antan li anba tè a, l'ap pale tankou yon zonbi ak yon vwa nan nen tou fèb!

5Men, Eza 17.13,14 tout lènmi ou yo pral gaye tankou pousyè nan van. Tout kantite moun ki t'ap fè ou pase tray yo pral disparèt tankou pay van ap bwote. W'ap rete konsa,

6Senyè ki gen tout pouvwa a ap parèt sou ou, avèk gwo van loray, tranblemanntè, ak yon pakèt gwo bri, avèk siklòn, van tanpèt ak gwo flanm dife k'ap boule.

7Lè Jòb 20.8; Zak 12.9 sa a, tout bann moun lòt nasyon yo ki t'ap fè lagè avèk lotèl Bondye a, tout gwo lame ki te anvayi peyi a, ki te sènen lavil la, ki t'ap toufounen l kote l te ye a, yo tout yo pral disparèt tankou yon move rèv ou t'ap fè, tankou yon vizyon w'ap fè nan mitan lannwit.

8Wi, tout bann moun lòt nasyon yo ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, y'ap tankou yon moun k'ap mouri grangou epi ki reve l'ap manje. Men, lè li leve, li grangou pi rèd. Osinon, tankou yon moun k'ap mouri swaf dlo, li reve l'ap bwè dlo. Men, lè li leve, li tou fèb, li swaf dlo pi rèd.

Pèsonn pa konprann avètisman Bondye

9Nou pral sezi, nou pral rete bèbè! Fèmen je nou pou nou pa wè! Nou pral sou, san nou pa menm bwè. N'ap titibe san nou pa pran yon gout gwòg!

10Paske Eza 6.10; Wòm 11.8 Senyè a fè nou anvi dòmi. Li fè je nou vin lou. Pwofèt yo, se je pèp la yo ye! Li kouvri tèt nou. Divinò yo, se tèt pèp la yo ye.

11Nou pa ka konprann tou sa Bondye fè nou konnen la a. Y'ap tankou yon liv yo sele. Si nou pote l bay yon moun ki konn li pou nou mande l li l pou nou, l'ap reponn nou li pa kapab, paske liv la sele.

12Lè ou pote l bay yon moun ki pa konn li pou ou mande l li l pou ou, l'ap reponn ou li pa konn li.

13Senyè a Eza 58.2; Jer 12.2; Eze 33.31; Mat 15.8,9; Mak 7.6,7; Kol 2.22 di:

— Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.

14Se Jer 49.7; Aba 1.5; 1 Kor 1.19 poutèt sa, mwen pral fè yon lòt seri mèvèy ak mirak devan je yo. Mwen pral detounen bon konprann moun save yo. Moun lespri yo ak tout konesans yo p'ap konprann anyen.

Avètisman pou move konseye yo

15Madichon Jòb 22.13; Eza 30.1; Eze 8.12 pou moun k'ap kache Senyè a sa yo gen lide fè! Y'ap fè plan yo ankachèt. Y'ap di pa gen moun ki wè yo. Pa gen moun k'ap konnen sa y'ap fè.

16Nou Eza 10.15; Wòm 9.20 vire tout bagay lanvè! Kilès ki pi konsekan, moun k'ap fè krich yo osinon tè wouj la? Eske bagay yon nonm fè ka di moun ki fè l la se pa ou ki fè m? Eske yon krich ka di moun ki fè l la se moun sòt ou ye?

17Anvan nou bat je nou, rakbwa peyi Liban tounen jaden, jaden tounen rakbwa.

18Jou Eza 35.5; Mat 11.5 sa a, moun soudè yo va tande pawòl y'ap li nan liv. Avèg yo ki t'ap viv nan fènwa va louvri je yo, y'a wè.

19Senyè a Sof 3.12; Mat 5.3 va fè tipiti yo gen kè kontan ankò. Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki yon Bondye apa, va fè malere yo danse tèlman y'a kontan.

20Paske Eza 28.22 lwijanboje a pral jwenn ak bout li. Moun ki t'ap pase Bondye nan betiz la pral disparèt. Yo pral fini ak tout moun ki t'ap chache okazyon pou fè sa ki mal,

21moun Am 5.10,12 k'ap fè inonsan peye pou koupab, moun k'ap antrave travay jij yo nan tribinal, moun k'ap bay manti pou moun serye pa jwenn jistis.

22Se Jen 12.1-3 poutèt sa, kounyeya, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki te delivre Abraram lan, di: Moun Jakòb yo p'ap janm wont ankò. Figi yo p'ap dekonpoze ankò.

23Lè Eza 8.13; 60.21; Ef 2.10 y'a wè pitit mwen menm m'ap ba yo nan kò kay yo, y'a rekonèt se yon Bondye apa mwen ye. Y'a rekonèt Bondye fanmi Jakòb la se yon Bondye apa. Y'a respekte m, y'a genyen m krentif.

24Moun ki te pèdi tèt yo va rive gen bon konprann. Moun ki te toujou ap bougonnen yo va kontan aprann nan men mwen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help