Sajès 11 - 1998 Haitian Creole

1Bon Konprann sèvi ak yon pwofèt, sèvitè Bondye, pou fè tout zafè yo mache.

2Yo travèse yon dezè kote moun pa rete,

yo moute tant yo kote moun pa janm mete pye.

3Yo kenbe tèt ak lènmi yo,

yo fè moun ki pa te vle wè yo renka.

4Yon lè yo te swaf dlo, yo rele nan pye ou,

ou fè dlo sòti nan yon gwo wòch byen wo pou yo,

wi, ou fè dlo sòti nan yon wòch di pou yo ka bwè.

Dlo se malè pou moun peyi Lejip, men delivrans pou pèp Izrayèl la

5Se konsa, Bondye te sèvi ak dlo pou pini lènmi yo,

se ak dlo ankò Bondye te sèvi pou ba yo delivrans lè yo nan traka.

6Pou lènmi yo, se te yon sous ki pa janm chèch

nan tèt yon dlo larivyè tou sal ak san, mele ak labou,

7pou pini yo poutèt lòd yo te bay pou touye tout timoun piti yo.

Men, pou moun pa ou yo ki te fin pèdi tout espwa, ou bay dlo an kantite pou yo bwè.

8Avèk swaf yo te santi ki t'ap cheche gagann yo a,

ou moutre yo jan ou te pini moun ki pa te vle wè yo.

9Wi, avèk tribilasyon ou te ba yo nan bon kè ou pou korije yo,

sa te fè yo rive konprann ki kalite chatiman ou te voye nan kòlè ou

pou maltrete moun ki p'ap sèvi ou yo.

10Tankou yon papa k'ap bat pitit li pou yo ka mache sou pinga yo,

se konsa ou te bat moun pa ou yo.

Men, pou lènmi yo, ou te tankou yon wa ki pa pran priyè epi ki tap kondannen yo.

11Kit yo te toupre pèp ou a, kit yo te lwen,

yo t'ap soufri menm jan an.

12Lapenn yo te doub.

Yo t'ap plenn konsa lè yo chonje sa ki te rive yo a.

13Lè lènmi yo vin konnen sa ki te yon chatiman pou yo a te tounen yon byen pou pèp ou a,

yo rekonèt sa se te travay Granmèt la.

14Nonm moun peyi Lejip yo te voye jete tibebe pou l'al mouri a,

nonm yo t'ap pase nan betiz la sitèlman yo pa te vle gen okenn rapò ak li a,

bout pou bout, jan sa pase a, yo wete chapo devan li.

Moun ki mache dwat yo pa janm soufri kalite swaf dlo yo te soufri a.

15Yo kite yon bann move lide moun sòt fè yo pèdi tèt yo,

jouk yo rive ap fè sèvis pou koulèv ki pa gen konprann ak pou lòt vye bèt degoutan.

Se poutèt sa ou voye yon bann bèt san konprann sou yo pou pini yo,

16pou yo ka konnen sa moun sèvi pou fè peche a,

se ak li y'ap sèvi tou pou pini yo.

17Avèk fòs ponyèt ou ki gen tout pouvwa a,

ou te kreye tout bagay ak yon matyè ki te san fòm.

Pa te gen pwoblèm pou ou pou ou ta voye yon bann lous ak yon bann lyon sovay pou pini yo.

18Ou ta gendwa kreye lapoula yon bann bèt lèd moun pa janm konnen,

bèt ki ta ka soufle flanm dife sòti nan nen yo,

bèt ki ta ka krache lafimen lè y'ap gwonde,

osinon ki ta ka voye gwo tensèl dife pou fè moun pè ak je yo.

19Wi, ou ta ka fè bèt konsa, non sèlman ki ta ka atake yo pou touye yo,

men, wè ase moun ta wè yo, sa ta kont pou fè kè yo rete, sitèlman yo ta pè.

20Adefo bèt sa yo, ou ta gendwa rapousib yo ak jistis ou.

Ou ta annik soufle sou yo, yo t'ap tonbe.

Avèk souf ou ki gen pouvwa a ou t'ap gaye yo.

Men, nan tou sa w'ap fè, ou mezire, ou konte, ou peze, ou pran san ou.

Bondye gen gwo pouvwa, se poutèt sa li bon konsa

21Lè ou vle, ou ka fè moun wè jan ou gen fòs pouvwa.

Pa gen moun ki ka kenbe tèt avè ou.

22Devan je ou, lemonn antye tankou yon ti grenn sab ki kont pou fè balans lan panche yon bò,

tankou yon degout lawouze ki tonbe atè nan maten.

23Men, ou gen pitye pou nou paske ou ka fè tout bagay.

Ou fèmen je ou sou sa moun fè pou ba yo chans pou yo mande padon.

24Ou renmen tou sa ki la.

Ou pa rayi anyen nan sa ou fè.

Si ou pa te renmen yo, pou konmanse ou pa ta fè yo menm.

25Epitou, kijan yon bagay ta ka la toujou si se pa ou menm ki vle sa?

Si se pa ou ki te fè l, kijan li ta ka fè la toujou?

26Ou kite yo tout la, paske se pou ou yo tout ye,

ou menm Granmèt ki renmen lavi!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help