Jozye 14 - 1998 Haitian Creole

Pataj peyi Kanaran an

1Men tè yo te separe bay moun pèp Nonb 34.17,18 Izrayèl yo. Se Eleaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun lan, ansanm ak tout chèf fanmi nan tout branch pèp Izrayèl yo ki te bay chak fanmi pòsyon pa yo.

2Jan Nonb 34.13 Senye a te bay Moyiz lòd la, yo te tire osò devan Senyè a pou yo te ka konnen ki pòsyon ki ta pral pou nèf branch fanmi ki te rete yo ak lòt mwatye branch nan fanmi Manase a.

3Moyiz Joz 13.8; Nonb 32.33 te gentan bay de branch fanmi ak mwatye nan yon twazyèm branch fanmi pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden. Men, li pat bay moun fanmi Levi yo okenn pòsyon nan tè sa yo.

4Fanmi Jen 48.5; 1 Kwo 5.1,2; Nonb 35.1,2; Joz 21.2 Jozèf la te fè de branch: yonn pou Manase, yonn pou Efrayim. Moun Levi yo pat resevwa okenn pòsyon nan tè a pou yo. Men yo te ba yo kèk lavil pou yo te rete ak savann toupre lavil yo pou yo gade bèt ak zannimo.

5Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te separe peyi a jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè l la.

Pòsyon tè fanmi Kalèb la

6Moun Nonb 14.24,30; 32.12; Det 1.36,38 branch fanmi Jida yo al jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Kalèb pitit gason Jefoune, nan fanmi Kenaz la, di li:

— Ou konnen sa Senyè a te di Moyiz, sèvitè Bondye a, sou ou ak sou mwen lè li te lavil Kadès-Banea.

7Mwen Nonb 13.6,16,30; 14.6-9 te gen karantan lè Moyiz, sèvitè Senyè a, rete lavil Kadès-Banea, li voye m al vizite tout peyi sa a. Lè m tounen, mwen fè l yon bon rapò dapre sa m te wè.

8Moun Det 1.28 ki te moute avè m yo pran dekouraje pèp la. Men mwen menm, mwen te fè tou sa Senyè a, Bondye mwen an, te vle m fè.

9Lè Nonb 14.24; Det 1.36 sa a, Moyiz fè m pwomès sa a, li di m: Ou wè ou menm, ou fè tou sa Senyè a te vle ou fè. Se poutèt sa y'a ba ou tout kote ou mete pye ou yo pou ou ak pou tout ras ou apre ou.

10Gade! Nonb 14.30 Senyè a kenbe pwomès li, li pa kite m gentan mouri. Sa te fè deja karannsenkan depi Senyè a te di Moyiz sa. Lè sa a, pèp Izrayèl la t'ap moute desann nan dezè a. Kounyeya mwen gen katrevensenkan.

11Men, Det 34.7 mwen santi m vanyan gason jòdi a tankou lè Moyiz te voye m al vizite peyi a. Mwen santi mwen ka goumen, mwen ka regle tout zafè m jan m te konn fè l lè sa a.

12Se Nonb 13.28,33 poutèt sa, mwen mande ou pou ou ban mwen mòn Senyè a te pwomèt mwen jou sa a. Ou te rive konnen se yon bann grannèg bèl wotè yo rele anakim ki t'ap viv la. Yo te gen anpil gwo lavil ki te byen pwoteje ak ranpa. Men, mwen kwè Senyè a pral kanpe avè m. L'a ede m pran peyi a nan men yo jan li te di l la.

13Lè Joz 10.36,37; 15.13,14; 21.11,12; Jij 1.10,20; 1 Kwo 6.55,56 sa a, Jozye bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, benediksyon, epi li ba li pòsyon tè Ebwon an pou pòsyon pa li.

14Jouk kounyeya, Ebwon rete pou Kalèb ak pou moun ras fanmi li yo, paske Kalèb te fè tou sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te vle l fè.

15Nan Jen 23.2 tan lontan, yo te rele Ebwon vil Aba. Aba sa a se li ki te pi gwo pyès gason nan tout ras moun Anak yo.

Depi lè sa a, peyi a t'ap viv kè poze. Pa te gen goumen ankò.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help