Eklezyas 2 - 1998 Haitian Creole

1Mwen di nan kè mwen: Bon! Ann al pran plezi Lik 12.19 nou! Ann al mennen lavi dous! Men, mwen jwenn sa a tou, sa pa vo anyen!

2Ala Pwo 14.13 bagay sòt se lè yon moun ap plede ri! Pran plezi, sa pa rapòte anyen!

3Tèlman mwen t'ap chache gen konprann, mwen pran desizyon lage kò m nan bwè bweson, nan viv tankou moun fou. Mwen di nan kè m: Ou pa janm konnen, se ka sa ki pi bon pou yon moun fè pandan de twa jou l'ap pase sou tè a.

4Mwen 1 Wa 7.1-12; Kan 8.11 fè gwo zafè: Mwen bati yon bann kay, mwen plante anpil jaden rezen.

5Mwen Kan 4.16; 5.1 fè jaden ak bèl lakou, mwen plante tout kalite pyebwa ki ka donnen ladan yo.

6Mwen fouye basen pou m pran dlo, konsa m'a ka wouze tout pyebwa yo.

7Mwen Jen 14.14 achte fi kou gason pou sèvi m esklav, san konte moun ki fèt esklav lakay mwen. Mwen te gen bèt ak zannimo pase tout moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm.

8Mwen 1 Wa 4.21; 9.28; 10.15; 11.3; 2 Kwo 35.25 antipile anpil bagay fèt ak ajan ak lò lakay mwen, ak lòt richès chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen an, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen.

9Wi, 1 Kwo 29.25; Ekl 1.16 pou grannèg mwen te grannèg, pi grannèg pase tout lòt moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Men, mwen pa janm kite sa vire tèt mwen.

10Mwen Ekl 3.22 te gen tou sa mwen te vle. Mwen pa janm refize tèt mwen okenn plezi. Mwen te kontan wè tou sa mwen te travay fè. Se kè kontan sa a ki tout rekonpans mwen.

11Apre Ekl 1.3,14 sa, mwen kalkile sou tou sa mwen te fè ak men mwen, sou tout traka mwen te bay kò mwen pou m'fè yo. Enben, mwen jwenn sa pa te vo anyen. Se kouri dèyè van. Konsa, pa gen okenn pwofi sou tou sa ou fè sou latè beni.

12Lè Ekl 1.9,17 ou gade byen, kisa yon wa ka fè pase sa wa ki te anvan l yo te fè?

Apre sa, mwen pran kalkile sa sa vle di lè yon moun gen konprann, osinon lè yon moun sòt, ou ankò lè yon moun fou.

13Mwen wè menm jan pito ou nan limyè pase ou nan fènwa, konsa tou, pito ou gen konprann pase ou pa genyen ditou.

14Moun Pwo 17.24; Ekl 9.2 ki gen konprann, se pa je pete klere yo ye. Moun ki pa gen konprann ap mache nan fènwa. Men mwen konnen toulede ap fini menm jan.

15Mwen di nan kè mwen: Sa ki rive moun fou yo ap rive m tou. Nan kondisyon sa a, sa m te bezwen gen tout konprann sa yo? Kisa sa ap pwofite m? Mwen di nan kè m: Sa a tou, sa pa vo anyen!

16Pèsonn Ekl 1.11 p'ap janm chonje moun ki gen konprann yo ni tou yo p'ap chonje moun sòt yo. Pi devan, n'ap bliye yo tout. Nou tout gen pou mouri, kit nou gen bon konprann kit nou sòt.

17Se konsa lavi pa di m anyen ankò. Tou sa mwen fè sou latè se traka li ban mwen. Paske anyen pa vo anyen, anyen pa rapòte anyen.

18Tout Sòm 39.6; 49.10 travay mwen te fè sou latè pa di m anyen ankò, paske mwen konnen mwen gen pou m kite yo pou sa k'ap vin dèyè.

19Se 1 Wa 12.13,14 ka yon moun lespri, se ka yon moun sòt. Pesonn pa konnen. Men se pou li m'ap kite tou sa mwen te travay di fè ak lespri mwen. Sa a tou, se rapousib van.

20Se konsa mwen vin konprann tout travay di mwen te fè sou latè p'ap rapòte m anyen. Sa vin dekouraje m.

21Wi, yon nonm fè travay li ak lespri, ak konesans, ak ladrès. Apre sa, se pou li pati kite li pou yon lòt ki pa leve ni lou ni lejè nan travay la. Sa a tou, se rapousib van, epi se pa jis sa.

22Ou Ekl 1.3 travay di, ou pran kont tèt chaje ou, ou pa dòmi pou ou ka fè sa w'ap fè a. Apre sa, kisa sa rapòte ou?

23Ou Jòb 5.7; Ekl 1.13 pase tout lavi ou nan lapenn, nan chagren. Menm lannwit lespri ou ap travay. Sa a tou, sa pa sèvi ou anyen.

24Pi Ekl 5.18,19; 9.7 bon bagay yon moun ka fè, se manje, se bwè, se jwi sa travay ou rapòte ou. Men la tou, mwen wè sa se travay Bondye.

25Paske, san Bondye, ki moun ki ka manje? Ki moun ki ka bwè.

26Moun Jòb 27.16,17; 32.8 li vle, li ba yo bon konprann, konesans ak kè kontan. Konsa tou, pou moun li vle, li fè mechan yo travay fè lajan sere pou li ka ba yo. Menm sa a tou, se rapousib van. Paske anyen pa anyen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help